Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Ayiti: Kilès ki pral Ranplase Jacques Edouard Alexis kòm Premye Minis? Sispens la ap Kontinye


15-04-2008
Nouvèl Jounen Madi 15 Avril 2008 la--telechaje - Telechaje (Real) audio clip
Nouvèl Jounen Madi 15 Avril 2008 la--telechaje - Koute (Real) audio clip

Haiti 
                    Ayiti
Ann Ayiti, kesyon ap poze pou mande kilès ki pral ranplase Premye Minis Jacques Edouard Alexis Sena a te revoke ansanm ak tout manm kabinè ministeryèl la samdi pase a (12 avril 2008 la). Sena a lanse apèl bay Prezidan René Préval pou l chwazi yon kandida san pèdi tan. Jiska yè lendi 14 avril la, nouvèl yo fè konnen Misye Préval potko pran kontak ak prezidan 2 chanm yo sou chwa sa a, jan konstitisyon ayisyèn nan mande l la.  Ann atandan, lavi a kòmanse repran kous nòmal li nan Pòtoprens aprè manifestasyon semèn pase yo --manifestasyon ki te fè 6 mò ak anpil blese nan kapital la e nan vil Okay.

pope benedict
 Pap Benwa XVI
Yon lòt kote, kominote kretyen yo nan Washington DC ap tann vizit Pap Benwa XVI ki pral rive nan kapital Lèzetazini an nan aprè-midi madi 15 avril la. Nou kontinye ti koze nou ak Reveran Pè Arsène Jasmin sou enpòtans vizit sa a pou mond kretyen an an jeneral e pou katolik yo sou kontinan ameriken an tou espesyalman.

Klike sou lyen anlè a pou w koute detay nouvèl sa yo.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Senatè Barack Obama Pran Lapawòl Nan Vil Berlin, An' Almay

  Lòt Nouvèl
Barack Obama Pran Angajman Pou Li Enplike Tousuit Nan Dosye MwayennOryan an Si Li Vin Prezidan
Nouvo Blòk Dis Sena Ayisyen an Fè Premye Reinyon l' Sou Ratifikasyon Premye Minis Deziye, Madan Michèle D. Pierre-Louis  Audio Clip Available
Peyi Sèbi Anonse Li Pral Ekstrade Radovan Karadzic Nan La Oland  Audio Clip Available
Sena Ayisyen an Ta dwe Pwononse l' Sou Sò Madan Michèle D. Pierre-Louis  Madi 22 Jiyè a  Audio Clip Available
Washington aksepte Pwopozisyon Venezuela Pou Yo Kolabore Nan Lit Kont Trafik Dwòg Nan Rejyon an
Manifestasyon Pou Retou Ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide An'Ayiti  Audio Clip Available
Kolonbi: Otorite Militè yo Anonse Dekouvèt Yon Kay Chaje Eksplozif Toupre Vil Bogota
Ayiti:Arestasyon Youn Nan Pi Gwo Chèf Gang Kidnapè Kap Opere Nan Kapital la, Pòtoprens  Audio Clip Available