Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Pap Benwa XVI Pral Pran Lapawòl nan l'ONU nan 2èm. Faz Vizit Li o Zetazani


18-04-2008
Nouvèl Sou Vizit Pap la o Zetazini-telechaje - Telechaje (Real) audio clip
Nouvèl Sou Vizit Pap la o Zetazini-telechaje - Koute (Real) audio clip

Pap Benwa XVI kite Washington pou New York vandredi 18 avril la byen bonè nan maten pou l kòmanse 2èm etap yon vizit ofisyèl l ap fè o Zetazini. Pandan Souvren Pontif la nan New York, li gen pou l pran lapawòl devan Asanble Jeneral l'ONU an, rankontre ak Sekretè Jeneral òganizasyon mondyal la, Ban Ki-moon, kèk manm pèsonèl la, anvan li al vizite yon legliz katolik (Legliz Sen Jozèf) ak yon sinagòg jwif nan apremidi. 

Pope during mass in Wash DC eng 190 17apr08
Pap la pandan yon mès anplennè nan Washington DC jedi 17 avril 2008 la
Jedi 17 avril la, nan yon mès an plennè Sen Pè a chante nan Nationals Park, yon estad bezbòl nan Washington, li pale kont abi seksyèl kèk prèt katolik komèt sou timoun e li priye pou gerizon viktim yo. Nan apremidi, Pap la te fè yon rankont nan lokal Anbasad Vatikan an nan kapital Lèzetazini an avèk yon gwoup viktim sa yo.

Pou w koute yon repòtaj sou vizit Pap la o Zetazini, klike sou lyen anlè a.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Pati Politik Ayisyen yo Anfavè Yon Vòt Pozitif Sou Politik Jeneral Nouvo Premye Minis la  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Tanpèt Twopikal Fay Fè Omwen 7 Mò Nan Peyi d Ayiti  Audio Clip Available
Vizit Yon Delegasyon Sosyo-Pwofesyonèl Ayisyen Nan Washington  Audio Clip Available
Deba Sou Validite Manda Pakè Pòtoprens Lanse Kont Yon Komisè Polis  Audio Clip Available
Mwenske Mwatye Adult Ant 18 ak 64 tran Ozetazini Teste Pozitif Pou Virus VIH la  Audio Clip Available