Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Vizit Pap Benwa XVI o Zetazini - Kèk Gran Moman 


19-04-2008
Gran Moman Vizit Pap Benwa XVI o Zetazini - Telechaje (Real) audio clip
Gran Moman Vizit Pap Benwa XVI o Zetazini - Koute (Real) audio clip

Pope Benedict XVI delivers speech to U.N. General Assembly in New York, 18 Apr 2008
Pap Benwa XVI ap adrese Asanble Jeneral l'ONU an nan New York, 18 Avril 2008.
Pap Benwa XVI pral mete fen dimanch 20 avril 2008 la nan yon vizit 6 jou o Zetazini. Pandan sejou sa a, Souvren Pontif a te gen yon pwogram chaje kote, nan Washington (ant madi 15 e jedi 17 avril), li rankontre Prezidan George Bush ak manm Konferans Episkopal ameriken an, anvan li te chante yon mès an plennè nan yon gwo stad bezbòl, The Nationals Park.

 

 

Vandredi 18 avril, byen bonè nan maten, Souvren Pontif la te kite kapital Lèzetazini an pou li ale New York kote Sekretè Jeneral l’ONU an, Ban Ki-moon, te akeyi li anvan Sen Pè a te
Pope Benedict XVI poses with General Assembly President Srgjan Kerim, left, and U.N. Secretary-General Ban Ki-moon, 18 Apr 2008
Sen Pè a poze pou foto ak Prezidan Asanble Jenaral l'ONU an Srgjan Kerim (a goch) e Sekretè Jeneral Ban Ki-moon, 18 Avril 2008.
pran lapawòl devan Asanble Jeneral òganizasyon mondyal la. Apre sa, Pap la te vizite yon legliz katolik (Legliz Sen Jozèf) ak yon sinagòg; konsa Benwa XVI tounen premye chèf Legliz Katolik ki mete pye nan yon lye dadorasyon jwif o Zetazini.

 

Pope Benedict XVI celebrates Mass at St. Patrick's Cathedral in New York, 19 Apr 2008
Souvren Pontif la ap selebre lamès nan Katedral  Sen Patrik la nan New York, 19 Avril 2008.

Nan Samdi 19 la, Pap la chante yon mès byen bonè nan Katedral Sen Patrik la, nan Manhatan, devan plizyè milye moun. Nan fen jounen Samdi a, Sen Pè a pral rekeyi li nan anplasman tou marasa World Trade Center la ki te kraze nan atak teworis 11 septanm 2001 an, anvan li chante yon mès an plennè nan Yankee Stadium. Souvren Pontif la pral retounen nan Vatikan an dimanch 20 avril la apre li va fin pase 6 jou o Zetazini.

 

Klike sou lyen anlè a pou w koute Ti Koze sou Aktyalite kote nou retrase pou ou kèk moman nan vizit Pap Benwa XVI fè o Zetazini  an.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Nouvo Premye Minis Ayisyen an, Michèle Pierre-Louis, Pale de Defi Ijan ki Devan Peyi a  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Michèle Pierre-Louis
Tanpèt Twopikal Hanna Pwovoke Inondasyon ann Ayiti  Audio Clip Available
Gouvènman Ayisyen an Mande Asistans Entènasyonal Apre Dega Siklòn Gustav ak Hanna  Audio Clip Available
Ayiti:Chanm Depite a Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye Michèle Pierre-Louis