Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Hillary Clinton Bat Barack Obama Nan Pennsilvani Men Pwochen Etap Yo Ka Difisil Pou Senatè New-York la


23-04-2008
Repòtaj VOA sou Eleksyon 22 avril la - Telechaje (Real) audio clip
Repòtaj VOA sou Eleksyon 22 avril la - Koute (Real) audio clip

Hillary Clinton celebrates after primary election win in Pennsylvania, 22 Apr 2008
Senatè Hillary Clinton ap fete  apre viktwa li a nan Pennsilvani
Etazini-Politik: Hillary Clinton, youn nan 2 kandida Pati Demokrat la pou pòs Prezidan an, ranpòte eleksyon primè Eta Pennsilvani an, sa ki pèmèt li rete toujou nan kous pou La Mezon Blanch la. Senatè New York la, ki se yon ansyen premyè dam amerikèn, ranpòte laviktwa sou rival demokrat li a, Senatè Barack Obama, ak yon maj 10 pou san. Aprè li te fin parèt klè se li-menm ki genyen primè Pennsilvani an, Sentanè Clinton te pran lapawòl nan vil Filadelfi devan yon foul patizan, pou l remèsye yo pou apui yo, e pran angajman pou l kontinye batay la, malgre tout apèl lap resevwa pou l kite sa. Li fè konnen, gras ak apui elektè Pennsilvani yo, van an ap soufle nan yon lòt direksyon kounye a.

Senatè Clinton di: “Wout kap mennen nan Nimewo 1600 Aveni Pennsilvani, (kidonk, nan palè nasyonal la) se yon wout ki long; e wout sa a pase egzatteman nan kè Eta Pennsilvani. Sete yon moman lajwa pou Hillary Clinton, yon kandida ki lwen dèyè rival li a ni pou kantite delege, ni pou kantite vwa l’ranmase atravè peyi a, ni pou kòb li bezwen pou l kontinye mennen kanpay la. Nan diskou manmzèl fè pou l aksepte viktwa a, li pale de defi ki devan n toujou e li fè yon bagay li pa abitye fè lè li lanse apèl pou l mande elektè yo pote kontribisyon yo bay kanpay li a.

Barack Obama addresses rally in Evansville, Indiana, following defeat to rival, Hillary Clinton, 22 Apr 2008
Barack Obama, nan Evansville, Indiana, apre defèt li madi 22 avril la
Kèk moman aprè diskou Senatè Clinton nan, Senatè Barack Obama te pran lapawòl pou l fè manmzèl konpliman pou viktwa li a nan Pennsilvani. Obama atire atansyon pèp la sou le fèt ke se li-menm ki devan toujou nan kous pou nominasyon Pati Demokrat la. Li fè moun sonje tou, nan kòmansman kanpay la nan Pennsilvani, Hillary Clinton te genyen yon avans anviwon 20 pwen nan entansyon vòt yo.

Senatè Obama di: “Anpil moun te panse nou pa tap kapab kenbe konkirans-la, nou pa tap ka fè bèl figi konsa, lè kanpay Pennsilvani an te kòmanse. Yo te panse yo tap bat nou a plat kouti. Men, nou te travay rèd, nou te vwayaje atravè tout eta a, nan grand vil yo, nan ti vilaj yo, nan faktori yo, nan lopital ak rezidans veteran lagè yo. E kounye la a, 6 semèn aprè, nou rive redui eka a. Nan moman biwo vòt yo tap fèmen, Senatè Barack Obama te pran avyon pou l ale nan eta Indiana ki pral ̈òganize pwochen eleksyon primè a ansanm ak eta Kawolin di Nò. Pami tout eta ki rete pou òganize primè yo, se Kawolin di Nò ki gen pi gwo kantite delege, e Obama devan nan eta sa a. Kous la sere nan Indiana. Jou "J" a se madi 6 me 2008 la.

Koute repòtaj sa a: Fè klik sou ralonj anlè tèks la.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Barack Obama Pran Angajman Pou Li Enplike Tousuit Nan Dosye MwayennOryan an Si Li Vin Prezidan

  Lòt Nouvèl
Nouvo Blòk Dis Sena Ayisyen an Fè Premye Reinyon l' Sou Ratifikasyon Premye Minis Deziye, Madan Michèle D. Pierre-Louis  Audio Clip Available
Peyi Sèbi Anonse Li Pral Ekstrade Radovan Karadzic Nan La Oland  Audio Clip Available
Sena Ayisyen an Ta dwe Pwononse l' Sou Sò Madan Michèle D. Pierre-Louis  Madi 22 Jiyè a  Audio Clip Available
Washington aksepte Pwopozisyon Venezuela Pou Yo Kolabore Nan Lit Kont Trafik Dwòg Nan Rejyon an
Manifestasyon Pou Retou Ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide An'Ayiti  Audio Clip Available
Kolonbi: Otorite Militè yo Anonse Dekouvèt Yon Kay Chaje Eksplozif Toupre Vil Bogota
Ayiti:Arestasyon Youn Nan Pi Gwo Chèf Gang Kidnapè Kap Opere Nan Kapital la, Pòtoprens  Audio Clip Available