Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Sekretè Deta Ameriken an ak Prezidan Palestinyen an Di Lapè Posib ak Izrayèl


04-05-2008

Palestinian President Mahmoud Abbas shakes hand with U.S. Secretary of State Condoleezza Rice during a press conference at Abbas' headquarters in the West Bank city of Ramallah, 04 May 2008
Condoleezza Rice ak Mahmoud Abbas nan vil Ramallah 4 Me 2008 la
Sekretè-deta ameriken an Condoleezza Rice ak Prezidan palestinyen an Mahmoud Abbas rankontre dimanch nan Ramallah, Sisjòdani, e yo tou lè 2 deklare li posib pou gen yon akò lapè ant Izrayèl ak Palestinyen yo. Prezidan Abbas di entansyon yo se tonbe dakò sou tout kesyon ki pi enpòtan yo e se sa yap chache. Si sa pa posib, lè sa a ya konsidere ki etap yo dwe suiv. Kounye a yo pa vle panse sou echèk.

Youn nan pwen kap bay pwoblèm alèkile se konstriksyon Izrayèl ap kontinye fè sou tè Palestinyen yo. Condoleezza Rice di kanta pou koloni pèpleman yo Etazini toujou kwè aktivite sa yo kontrè ak obligasyon Izrayèl nan kad plan yo rele mach-a-suiv pou lapè nan MwayennOryan an. Anvan sa nan jounen dimanch la, madam Rice te rankontre manm gouvènman izrayelyenan.

Ehud Olmert during an interview with The Associated Press at his office in Jerusalem, Aug. 2, 2006<br /><br />
Ehud Olmert [imaj achiv]
Pandansetan, Premye Minis izrayelyen an Ehud Olmert reponn akizasyon koripsyon kap peze sou do li e sou enpak sa ta ka genyen. Nan kòmansman Seyans Konsèy dè Minis dmanch la, msye Olmert di envestigasyon kap fèt la pwovokle yon vag rimè ke li dekri kòm mechan e mal-entansyone. Malgre tou, Ehud Olmert kwè sa pap anpeche li negosye ak Palestinyen yo.

Dirijan opozisyon an ann Izrayèl ap reklame demisyon Premye Minis Ehud Olmert e laprès izrayelyèn kwè nouvo akizasyon yo tèlman grav ke li ka oblije kite pouvwa a.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl