Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Prezidan Bush Deklare Etazini Pare Pou Li Ede Birmani


06-05-2008

This aerial view shows a devastated town, with many roofs missing, in the Irrawaddy Delta region, Burma, 06 May 2008
Anpil moun pèdi kay yo nan zòn tankou Irrawaddy, nan Birmani
Komunote entènasyonal la lonje lamen bay Birmani pou ofri rjeim militè a asistans nan momen bilan siklòn Nargis rive nan plis pase 22 mil mò. Etazini, Lachin ak Inyon Ewòp la pwomèt lajan ak pwovizyon sekou. End voye bato chaje ak manje, tant, dra ak medikaman. Premye kagezon èd etranjè pou viktim siklòn nan rive nan Rangoon jodi a, an sòtan n' nan Tayiland.

Isit Washington, Prezidan Bush mande gouvènman militè Birmani an pèmèt ekip sekou ameriken antre nan peyi a pou ede l' apre gwo dega siklòn samdi a. Msye Bush di Lèzetazini bay yon premye kontribisyon deja, men nou vle fè plis toujou. Prezidan Bush fè konnen Etazini pare pou li voye bati lamarin-de-gè-a al’ ede Birmani chache moun ki disparèt e ede stabilize sitiyasyon an.

President Bush makes remarks after signing H.R. 4286, bestowing the Congressional Gold Medal in abstensia to Burmese Nobel laureate Aung San Suu Kyi, 06 May 2008
Prezidan George W. Bush ak Premyè Dam Laura Bush
Prezidan Bush te pale konsa maten an nan Lamezonblanch apre li te fin siyen yon lwa ki otorize dirijan ameriken yo bay lidè opozisyon Birmani an, Aung San Suu Kyi, Medal Dò Kongrè a. Msye Bush deklare se yon omaj byen merite pou yon fanm vanyan kap mande libète pou tout moun nan Birmani e ki pale yon fason ki fè l' tounen yon vwa puisant, ki kontrè ak jent militè kap dirije peyi a kounye a. Tankou nou di l' deja, dènye bilan ki parèt amidi a fè konnen siklòn Nargis touye plis ke 22 mil moun nan Birmani. Gen 41 mil lòt ki pa reponn alapèl.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl