Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Ayiti: Nouvo Presyon Sou Prezidan Préval Pou Li Chwazi Yon Premye Minis


16-06-2008
Repòtaj Rotchild la - Telechaje (MP3) audio clip
Repòtaj Rotchild la - Koute (MP3) audio clip

ap_haiti_palace_apr08
Palè Nasyonal Nan Pòtoprens
Aktyalite a nan peyi dAyiti: Dabò sou plan politik, presyon rekòmanse fèt pou Prezidan René Préval pwopoze yon Premye Minis. Lidè nan Klas Politik la ak Sosyete Sivil la egzòte Msye Préval pou li chita pale ak blòk ki gen majorite nan Lachanm nan, yon fason pou pwochen moun li pwopoze a pa resevwa move kanè. 2 fwa nan espas yon mwa, swa 12 Me ak 12 Jen, Chanm Depite a te rejte sitwayen ke Prezidan an te chwazi pou ranplase Jacques Edouard Alexis nan Primati a.

Yon lòt kote, korespondan nou Rotchild François, Jr. di nou lapolis mennen plizyè operasyon kote yo libere 2 adolesan ke bandi te kidnape. Responsab yo fè konnen yo mete men sou 10 sispèk.

Epi yon gwoup mizikal trè koni nan Pòtoprens, gwoup rap kreyòl Barikad Crew, leve andèy maten an. Rotchild di nou 4 manm gwoup la mouri samdi nan yon aksidan machin sou wout ayewopò.

Si ou ta renmen koute repòtaj Rotchild la, fè klik sou raonj ki anlè foto a.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Pati Politik Ayisyen yo Anfavè Yon Vòt Pozitif Sou Politik Jeneral Nouvo Premye Minis la  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Tanpèt Twopikal Fay Fè Omwen 7 Mò Nan Peyi d Ayiti  Audio Clip Available
Vizit Yon Delegasyon Sosyo-Pwofesyonèl Ayisyen Nan Washington  Audio Clip Available
Deba Sou Validite Manda Pakè Pòtoprens Lanse Kont Yon Komisè Polis  Audio Clip Available
Mwenske Mwatye Adult Ant 18 ak 64 tran Ozetazini Teste Pozitif Pou Virus VIH la  Audio Clip Available