Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Yon Jounal Franse pral devan la Justis


25-06-2008

Natasyon

Najè Ostralyen ki chanpyon Olenpik 5 fwa Ian Thorpe kòmanse aksyon legal kote jounal franse l’Ekip ak yon jounalis ki te akuze l kòm kwa li ta konsome dròg an Mas 2007. Jounal la te rapòte tès ki te fèt sou  Ian Thorpe an 2006 revele najè a te gen yon wo nivo testosteron ak lòt òmon. Jounal la di responsab ostralyen yo te okouran rezulta a men yo pa pran oken desizyon akoz yo pat gen ase prèv.

Atletisme

Kourè Etyopyen Ambesse Tolossa pèdu tit maraton Honolulu li te ranpòte an 2007 epi resevwa yon suspansyon 2 zan pou l pa patisipe nan oken konpetisyon entènasyonal pou uzaj antidopan. An plis de Tit la Tolossa ap pèdu 40 mil dola pri li te resevwa pou viktwa a.

Yon juj federal ameriken bloke tantativ kourè Ameriken Justin Gatlin tap fè pou l patisipe nan je zolenpik yo  malgre lap purje yon suspansyon 4 tran pou uzaj anabolizan.

Football/ Eropeyen

Premye semi final Ero 2008 la ap demare jodi a  lè Almay ap rankontre Turki nan yon rankont kote kapab gen supriz.

Football/ Panama

Federasyon football Panama a revoke antrenè Alexander Guimaraes plis pase 24 trè tan apre Salvador elimine ekip la nan koup du mond la.

Tennis/ Rusi

Rus Dinara Safina ap reprezante peyi a nan je zolenpik Peken  yo. Federasyon an anonse Safina ap jwe match senp yo apre Anna Chakvetadze deside pa reprezante peyi a ankò.

Tennis /Wimbledon

Numewo 1 tenis mondyal feminen Ana Ivanovic, evite yon echèk apre li kale anba redu franse Nathalie Dechu 6-7, 7-6, 10-8. Malerezman Nowak Djokovic tonbe devan Rus Marat Safin 6-4, 7-6, 6-2.

Yè swa Espayòl Rafael Nadal pase san difikilte pwochen tou tenis Gran Shelem Wimbledon apre li kale alman Andreas Beck 6-4, 6-4, 7-6. Nadal ap chache anpeche swis Roger Federer ranpòte konpetisyon an pou yon 6 zièm fwa afile. Ameriken Andy Roddick kalifye tou ansanm ak konpatriòt li James Blake

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
OEA Ekzòte Kongrè Ameriken an Bay Imigran Ilegal Ayisyen yo Statu Pwoteksyon Tanporè Ozetazini

  Lòt Nouvèl
Kriz Kap Frape Sektè Finansye a o Zetazini ap Vin Pi Grav Chak Jou   Audio Clip Available
Reprezantan Unyon Ewopeyèn Deklare Ayiti ap fè Fas Ak Yon Sitiasyon San Parèy  Audio Clip Available
Bank Santral Ozetazuni e Atravè Lemond Bese To Enterè yo
USA: Dezyèm Deba Prezidansyèl la Pa Ede John McCain Dapre Sondaj yo  Audio Clip Available
Kesyon Doub Sitwayènte a Retounen Ankò Nan Chanm Depite Ayisyen an  Audio Clip Available
USA-Eleksyon: Senatè McCain ak Obama Ap Miltipliye Atak yo  Audio Clip Available
Lekòl Re-Louvri Nan Peyi dAyiti Nan Mitan Kriz Ekonomik  Audio Clip Available
Nòt Pozitif Pou Nouvo Gouvènman Ayisyen an Dapre Prezidan Sena a  Audio Clip Available
Kongrè Ameriken an Apwouve Plan Sovtaj 700 Milya Dola Gouvènman Bush la  Audio Clip Available