Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Espayòl yo Selebre Viktwa Seleksyon an


01-07-2008

 Football

Espayòl yo penture vil la an wouj pou akeyi seleksyon nasyonal la ki sot ranpòte koup dEròp la fas a Almay.
Kosta Rika nonmen Rodrigo Kenton kòm nouvo antrenè seleksyon nasyonal la pou ranplase Hernan Medford ki revoke akoz movèz pèfòmans seleksyon an renmèt nan mwa ki pase yo.

Basketball

Washington Wizards re-siyen yon kontra ak Antwan Jamison pou yon dure 4 tran kap koute 50 milyon dola. Kounye a ekip la kapab konsantre pou l negosye ak vedèt Gilbert Arena ke kontra l ekspire maten an. Arena te poze kòm kondisyon pou l rete jwe nan Washington Wizard si e sèlman si responsab yo siyen kontra ak Antwan Jamison.

Tennis

Swis Roger Federer kalifye pou kar de final tounwa tenis Gran Shelem Wimbledon nan nan moman Sèb Jelena Jankovic fè malèt li.
Tamarine Tanasugarn wouze Jankovic ak 2 kout rakèt 6-3, 6-2 pou l tounen premye Tailandè ki kalifye pou kar de final yon tounwa Gran Shelem.
Federer kontinye tantativ pou l ta ranpòte tounwa a yon 6 zièm fwa afile apre li elimine Ostralyen Lleyton Hewitt 7-6, 6-2, 6-4. Espayòl Rafael Nadal pat rankontre oken difikilte pou l kalifye nan kar de final la apre li tronse Rus Michael Youzhny 6-3, 6-3, 6-1. Nadal pral rankontre Britanik Andy Murray ki remonte yon defisi 2 manch avan li elimine franse Richard Gasquet 5-7,3-6,7-6,6-2,6-4.
Ameriken Serena ak Venus Williams kalifye tou.

Cyclisme

Siklis Ameriken Floyd Landis pèdu dènye apèl li te fè devan tribunal Spòtif la nan vil Lauzann an Swis pou l te konsève tit Tour de Frans li te ranpòte an 2006.
Tribunal la fè konnen tès pozitif ki te fèt sou siklis la toujou valab. Tribunal konfime pou Landis resevwa yon suspansyon kap fini 29 Janvye 2009 e pou l peye ajans anti dopaj ameriken an 100 mil dola kòm frè enstitusyon an depanse pou l pouswiv dosye a nan tribunal..
Landis, ki pa janm sispann di li inonsan, fè konnen desizyon an fè l tris, li pral etudye opsyon legal pou l deside sa ki pibon pou li.

Natation

Najè ameriken yo kòmanse bat rekò menm avan yo patisipe nan Je zolenpik yo. Nathalie Coughlin reprann rekò li te pèdu nan kous 100 mèt eliminatwa natasyon ameriken an. Hayley McGregory, ki pat kalifye pou je zolenpik Atè n 2004 yo, bat yon rekò tou.


emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Ayiti: Ankèt Sou Asasina Fiyanse Yon Komisè Polis Enlike Machin Yon Senatè  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Prezidan-Eli Barack Obama Nonmen Senatè Hillary Clinton Kòm Sekretè Deta
Diaspora Ayisyèn Nan Rete Mobilize Pou Ede Viktim Siklòn yo Ann Ayiti  Audio Clip Available
Atak Teworis Nan Mumbai, Peyi End; Bilan Pwovizwa: 101 Moun Mouri
Yon Tribinal Dominiken Pwononse l' Anfavè Reklamasyon 500 Braceros Ayisyen Kont Yon Izin Sik Lokal  Audio Clip Available
Barack Obama Anonse Ekip Ekonomik li a  Audio Clip Available
Prezidan-Eli Barack Obama Pral Parèt Ak Yon Plan Relans Ekonomik Plizyè Santèn-Milya Dola  Audio Clip Available
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm