Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Manifestasyon Pou Retou Ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide An'Ayiti


15-07-2008
Jounalis Evans Nelson nan mikwo Jean-Pierre Leroy - Telechaje (Real) audio clip
Jounalis Evans Nelson nan mikwo Jean-Pierre Leroy - Koute (Real) audio clip

La polis nan peyi Dayiti dispèse avek gaz lakrimojèn plizyè milye moun ki t'al manifeste devan palè nasyonal yè madi a nan okazyon 55èm anivèsè nesans ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide Manifestasyon an te derape devan ansyen rezidans prive msye Aristide nan Tabarre--yon katye rezidansyèl nan rejyon nò-ès kapital ayisyèn nan, Pòtoprens. Pandan mach la, manifestan yo t'ap reklame retou asyen prezidan an kap viv an' egzil an' Afrik Di Sid depi ane 2004. Yo te lanse slogan tou kont aktuèl chèf l'Eta a, René Préval--ansyen premye minis pandan premye manda lidè Lavalas la e kont Fòs Estabilizasyon Nasyonzini Ayiti a (Minustah).  Manifestasyon an dewoule san twò ensidan majè, eksepte ke lapolis te oblije tire gaz lakrimojèn pou kwape yon gwoup manifestan ki t'ap chèche antre nan perimèt Palè Nasyonal la nan sant kapital la, Pòtoprens. N'ap rantre an kontak ak jounalis Evans Nelson nan vil Pòtoprens kote, li di nou Polis Nasyonal la ak Minustah te deplwaye gwo dispozitif sekirite.

Fè yon klik sou ralonj alè a pou plis detay sou mach pwotestasyon sa a.

 

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
OEA Ekzòte Kongrè Ameriken an Bay Imigran Ilegal Ayisyen yo Statu Pwoteksyon Tanporè Ozetazini

  Lòt Nouvèl
Kriz Kap Frape Sektè Finansye a o Zetazini ap Vin Pi Grav Chak Jou   Audio Clip Available
Reprezantan Unyon Ewopeyèn Deklare Ayiti ap fè Fas Ak Yon Sitiasyon San Parèy  Audio Clip Available
Bank Santral Ozetazuni e Atravè Lemond Bese To Enterè yo
USA: Dezyèm Deba Prezidansyèl la Pa Ede John McCain Dapre Sondaj yo  Audio Clip Available
Kesyon Doub Sitwayènte a Retounen Ankò Nan Chanm Depite Ayisyen an  Audio Clip Available
USA-Eleksyon: Senatè McCain ak Obama Ap Miltipliye Atak yo  Audio Clip Available
Lekòl Re-Louvri Nan Peyi dAyiti Nan Mitan Kriz Ekonomik  Audio Clip Available
Nòt Pozitif Pou Nouvo Gouvènman Ayisyen an Dapre Prezidan Sena a  Audio Clip Available
Kongrè Ameriken an Apwouve Plan Sovtaj 700 Milya Dola Gouvènman Bush la  Audio Clip Available