Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Yon lòt Siklis Expulse nan Tour de Frans la


17-07-2008

Cyclisme


Siklis Britanik Mark Cavendish ranpòte 12 etap kous bisiklèt tour de Frans la nan yon jounen kote responsab yo ekspulse yon 3 zièm siklis ki teste pozitif pou uzaj dròg. Sa fè 3 zièm etap Cavendish ranpòte. Siklis Ostralyen Cadel Evans ki fini an 20 tièm pozisyon nan 12 zièm etap la, toujou konsève mayo jò n lidè a ak yon sekond devan Luksanbourjwa Franck Schleck ak ameriken Christian Vande Velde ak 38 sekond dèyè lidè a.

Basketball

Kanada kale Kore du Sud 79 a 77, Almay danse sou Nouvèl Zeland 89 a 71 epi la Grès pilon-nen Brezil 89 a 69 pou kalifye nan kar de final tounwa kalifikatif basketball pou je zolenpik yo.
Kanada ap rankontre Kwasi ki remonte yon defisi avan li kale Porto Riko 95 a 81. Porto Riko gen pou rankontre Sloveni. Almay ap rankontre Brezil nan kar de final la demen Vandredi a.

Atletisme

Kourè de fon britanik Dwain Chambers gen pou tann juska Vandredi pou l konnen si lap patisipe nan je zolenpik Peken yo kap kòmanse mwa pwochen an apre yon tribunal wot kour de justis nan vil Lond ranvwaye desizyon li ta pral pran sou dosye a.
Chambers ki sot purje yon suspansyon 2 zan apre li te teste pozitif pou uzaj dròg ta renmen tribunal la ranvèse desizyon Komite Olenpik Britanik la te pran kont li pou l kapab patisipe nan je zolenpik yo. Komite Olenpik Britanik la te enpoze yon entèdiksyon avi kont Chambers akoz de dopaj la.


Football

Chivas USA ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Santos Laguna nan mini chanpyona Super Liga ant lig football Meksiken ak lig football ameriken an. Se Ante Razov ki make bout gòl la an favè klub ameriken an. New England Revolution kale Pachuca 1 a 0 nan yon lòt rankont.

Toujou nan football ansyen jwè seleksyon nasyonal football ameriken Claudio Reyna anonse retrèt li apre yon lane li pase ap jwe nan New York Red Bulls.

Tennis

Swis Roger Federer ki ranpòte tounwa tenis US Open nan 4 fwa ak chanpyon Wimbledon nan espayòl Rafael Nadal ap domine tounwa a kap kòmanse 25 Out nan New York 25 Out kap vini la a. Gen 104 jwè tenis ki kalifye dirèkteman. Pral gen 8 lòt kap resevwa envitasyon espesyal epi 16 lòt ap kalifye apre yon tounwa kalifikatif.
Tèt de seri yo ap baze sou klasman Mondyal la kap publiye 18 Out.
Bò kote meda m yo Japonèz Ai Sugiyama kalifye pou kar de final tounwa tenis Stanford la an Kalifòni apre li wouze ak kout rakèt Slovak Daniela Hantuchova 6-3, 6-1. Lòt kalifye yo se Anna Chakvetadze, Slovak Dominika Cibulkova.
Franse Gilles Simon kalifye pou kar de final tounwa tenis Indianapolis apre li kale alman Benjamin Becker 7-5, 3-6, 6-0.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Ayiti: Ankèt Sou Asasina Fiyanse Yon Komisè Polis Enlike Machin Yon Senatè  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Prezidan-Eli Barack Obama Nonmen Senatè Hillary Clinton Kòm Sekretè Deta
Diaspora Ayisyèn Nan Rete Mobilize Pou Ede Viktim Siklòn yo Ann Ayiti  Audio Clip Available
Atak Teworis Nan Mumbai, Peyi End; Bilan Pwovizwa: 101 Moun Mouri
Yon Tribinal Dominiken Pwononse l' Anfavè Reklamasyon 500 Braceros Ayisyen Kont Yon Izin Sik Lokal  Audio Clip Available
Barack Obama Anonse Ekip Ekonomik li a  Audio Clip Available
Prezidan-Eli Barack Obama Pral Parèt Ak Yon Plan Relans Ekonomik Plizyè Santèn-Milya Dola  Audio Clip Available
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm