Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Washington aksepte Pwopozisyon Venezuela Pou Yo Kolabore Nan Lit Kont Trafik Dwòg Nan Rejyon an


17-07-2008

Washington deklare si Venezuela patisipe nan lit kont dwòg la, sa t'ap redui sou kantite pwodui nakotik kap sòti nan peyi sa a e ki pase pa Ayiti ak Repiblik Dominkèn avan yo antre Ozetazini. Asistan-sekretè deta ameriken pou afè emisfè oksidantal la, Thomas Shannon, fè deklarasyon sa a 
Hugo Chavez talks to reporters in Caracas, 01 Jun 2008<br />
Prezidan venezuelyen Hugo Chavez
jedi devan sou-komite afè emisfèrik yo la nan Chanm Reprezantan Etazini an. Msye Shannon deklare Lèzetazini aksepte òf Venezuela fè pou 2 peyi yo amelyore kooperasyon yo nan lit kont pwodui nakotik yo.

Deklarasyon sa a tonbe apre prezidan venezuelyen-an, Hugo Chavez, ofri pou l’ kolabore avèk Lèzetazini nan lagè kont dwòg la. Msye Shannon siyale Ayiti ak Repiblik Domikèn resevwa pifò dwòg ti avyon klandesten ap transpòte sòt Venezuela e ki pran direksyon Etazini, Ewòp ak rejyon Afrik de lwès la kote trafik dwòg la kreye enstabilite.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
OEA Ekzòte Kongrè Ameriken an Bay Imigran Ilegal Ayisyen yo Statu Pwoteksyon Tanporè Ozetazini

  Lòt Nouvèl
Kriz Kap Frape Sektè Finansye a o Zetazini ap Vin Pi Grav Chak Jou   Audio Clip Available
Reprezantan Unyon Ewopeyèn Deklare Ayiti ap fè Fas Ak Yon Sitiasyon San Parèy  Audio Clip Available
Bank Santral Ozetazuni e Atravè Lemond Bese To Enterè yo
USA: Dezyèm Deba Prezidansyèl la Pa Ede John McCain Dapre Sondaj yo  Audio Clip Available
Kesyon Doub Sitwayènte a Retounen Ankò Nan Chanm Depite Ayisyen an  Audio Clip Available
USA-Eleksyon: Senatè McCain ak Obama Ap Miltipliye Atak yo  Audio Clip Available
Lekòl Re-Louvri Nan Peyi dAyiti Nan Mitan Kriz Ekonomik  Audio Clip Available
Nòt Pozitif Pou Nouvo Gouvènman Ayisyen an Dapre Prezidan Sena a  Audio Clip Available
Kongrè Ameriken an Apwouve Plan Sovtaj 700 Milya Dola Gouvènman Bush la  Audio Clip Available