Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Sena Ayisyen an Ta dwe Pwononse l' Sou Sò Madan Michèle D. Pierre-Louis  Madi 22 Jiyè a


21-07-2008
Prensipal nouvèl lendi 21 jiyè 2008 la - Telechaje (Real) audio clip
Prensipal nouvèl lendi 21 jiyè 2008 la - Koute (Real) audio clip

Prezidan Komisyon Ratifikasyon Sena ayisyen an, Michel Clérié, di Lavwad'lamerik li posib pou  Komisyon an soumèt madi 22 jiyè a rapò li sou nominasyon madan Michèle Duvivier Pierre-Louis
Premye Minis Deziye Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Deziye Michèle D. Pierre-Louis
kòm pwochèn premyè minis Ayiti. Selon mesye Clérié, rapò a ka sòti swa madi swa mèkredi ou, pou pita, jedi. Suivan kantite senatè ki  va prezan nan seyans votasyon an, madan Pierre-Louis ka bezwen ant nèf  ak dis senatè pou vote anfavè'l pou l' pase kap Sena a ki genyen aktuèlman 18 manm akòz manda nèf senatè ki bout ak twa syèj ki "vid". Sena a genyen antou trant manm, swa twa pa Depatman.

Antretan, Sekretè General adjwen Oganizasyon Eta Ameriken yo, Albert Ramdin, nan yon entèviou li bay direktè Sèvis Kreyòl la, Ronald César, eksprime satisfaksyon li dèske Chanm Depite apwouve nominasyon madan Pierre-Louis e li di li espere Sena a va fè parèyman.  Yon lòt kote,  chire-pit la ap kontinye ant vil Miragoâne ak vil Anse-à-Veau, apre Vatican deside tabli dyosèz legliz katolik la nan dezyèm vil la olye nan Miragoâne ki se chèf-lye Depatman Nippes e non Anse-à-Veau. 

Fè yon klik sou ralonj ki sou tèt atik sa pou devlopman rezime sa yo avèk jounalis Marie-Luce Pierre, Serge Rodriguez, Ronald César ak Yves Marie Jasmin.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Ayiti: Ankèt Sou Asasina Fiyanse Yon Komisè Polis Enlike Machin Yon Senatè  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Prezidan-Eli Barack Obama Nonmen Senatè Hillary Clinton Kòm Sekretè Deta
Diaspora Ayisyèn Nan Rete Mobilize Pou Ede Viktim Siklòn yo Ann Ayiti  Audio Clip Available
Atak Teworis Nan Mumbai, Peyi End; Bilan Pwovizwa: 101 Moun Mouri
Yon Tribinal Dominiken Pwononse l' Anfavè Reklamasyon 500 Braceros Ayisyen Kont Yon Izin Sik Lokal  Audio Clip Available
Barack Obama Anonse Ekip Ekonomik li a  Audio Clip Available
Prezidan-Eli Barack Obama Pral Parèt Ak Yon Plan Relans Ekonomik Plizyè Santèn-Milya Dola  Audio Clip Available
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm
  Lyen Extèn
Klike sou lyen sa a pou plis detay sou òganigram Sena Ayisyen an