Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Barack Obama Pran Angajman Pou Li Enplike Tousuit Nan Dosye MwayennOryan an Si Li Vin Prezidan


23-07-2008

Barack Obama, right, shakes hands with Israeli Defense Minister Ehud Barak in Jerusalem, 23 Jul 2008
Barack Obama, adwat, k'ap bay Minis Defans Ehud Barak lanmen
Kandida demokrat pou prezidans Etazini an chante lwanj peyi izrayèl kòm sa li rele “yon mirak ki fleri” nan Mwayenn Oryan-an.  Barack Obama pale konsa pandan yon rankont ak kèk gwo dirijan izrayelyen jodi mèkredi a, pami yo te gen minis defans la Ehud Barak ak lidè opozisyon an Benjamin Netanyahu. Rankont la dewoule nan Jerizalem. Dapre responsab yo, konvèsasyon yo te chita sou efò lapè a ak sekirite rejyonal, san bliye dosye nikleyè Iran an. Barak Obama rankontre tou ak Prezidan izrayelyen an, Shimon Péres, e li depoze yon jèb flè nan Yad Vashem, ki se yon memoryal pou Olokòs la.


Kandida demokrat la vizite tou vil Sderot, ki reprezante yon sib pou atak ak wokèt palestinyen yo, epi li ale nan Ramallah, nan Sisjòdani, pou li te pale ak Prezidan palestinyen an Mahmoud Abbas, yon bagay kandida repibliken an John McCain pat fè pandan vizit li a nan mwa masla. Nan aswè, Barack Obama soupe ak Premye Minis izrayelen an, Ehud Olmert. Nan deklarasyon msye Obama fè bay laprès li pran angajman pou li enplike tousuit nan efò lapè a, si li ta eli Prezidan Etazini nan mwa novanm 2008 la.

Senatè Illinois la, ki gen yon senatè repibliken (Chuck Hagel) ak yon senatè demokrat (Jack Reed) akonpaye li nan virewon entènasyonal sa a, deja vizite Kowet, Aghanistan, Irak ak Jòdani. Pwochen etap li se Lewòp, pi presizeman Lalmay, Lafrans ak Lagrand Bretay. Demen jedi a l'ap nan peyi Almay.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Ayiti: Ankèt Sou Asasina Fiyanse Yon Komisè Polis Enlike Machin Yon Senatè  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Prezidan-Eli Barack Obama Nonmen Senatè Hillary Clinton Kòm Sekretè Deta
Diaspora Ayisyèn Nan Rete Mobilize Pou Ede Viktim Siklòn yo Ann Ayiti  Audio Clip Available
Atak Teworis Nan Mumbai, Peyi End; Bilan Pwovizwa: 101 Moun Mouri
Yon Tribinal Dominiken Pwononse l' Anfavè Reklamasyon 500 Braceros Ayisyen Kont Yon Izin Sik Lokal  Audio Clip Available
Barack Obama Anonse Ekip Ekonomik li a  Audio Clip Available
Prezidan-Eli Barack Obama Pral Parèt Ak Yon Plan Relans Ekonomik Plizyè Santèn-Milya Dola  Audio Clip Available
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm