Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Senatè Barack Obama Pran Lapawòl Nan Vil Berlin, An' Almay


25-07-2008

Kandida demokrat alaprezidans Etazini an, Barack Obama, pran lapawòl devan plizyè dizèn milye moun nan kapital Almay la, Berlin, jedi 24 jiyè 2008 la--etap pi espektakilè nan virewon ki kondi l' nan Mwayen-Noryan an e sou kontinan Ewopeyen an. Vwayaj entènasyonal Obama a atire atansyon lemond antye sou senatè Illinois la e oblije rival repibliken li an, senatè John McCain, ap chèche mwayen pou wè ki jan li ka fè mesaj li pase nan près amerikèn ki mobilize pou kouvri deplasman kandida demokrat la. Yon korespondans Jim Malone nan Washington.

Senator Barack Obama at the Victory Column in Berlin, 24 Jul 2008
Senatè Barack Obama devan Tour Laviktwa a nan vil Berlin, 24 Jul 2008 la
Diskou senatè Obama a te genyen gabari yon diskou prezidansyèl, eksepte msye poko menm resevwa ofisyèlman envestiti Pati Demokrat la--envestiti ki dwe dewoule mwa pwochen an.
"Moun Berlin, pèp atravè lemond, se moman nou an". Se tan pa nou an": deklarasyon Barack Obama.
Kandida a la prezidans Obama mande ewopeyen ak ameriken yo travay ansanm pou elimine teworism ak mouvman ekstremis kap soutni li an. Senatè Obama pran lapawòl devan plizyè dizèn milye moun ki te akeyi l' avèk anpil chalè nan vil Berlin, kote l' di yo "pa dwe gen oken miray ki divize alyie yo, kelke swa kote yo yé sou 2 bò Oseyan Atlantik la; pa dwe gen miray ant relijion ni ras yo. Msye Obama lanse apèl pou Ewòp la kanpe bò kote l' pou pote estabilite nan Afghanistan e kolabore pou mete yon pwen final nan lagè Iraq la

Senatè demokrat Eta Illinois la deklare "mwen rekonèt gwo difikilte ki genyen nan Afghanistan, men peyi pa mwen ak peyi ewopeyen yo gen responsabilite pou yo wè ke premye misyon L'OTAN andeyò frontyè Lewòp fini sou yon suksè; pou pèp peyi Afghan an e pou sekurite nou tout, travay-la dwe fèt Lèzetazini pa kapab fè travay la pou kont li". Senatè Obama pale tou sou vizion l' pou Lamerik e kouman Lèzetazini te atire papa l' akòz ideyal peyi sa a ki reponn aspirasion tout pèp pataje.

Se premye diskou ofisyèl kandida demokrat la nan kad yon virewon entènasional lap fè an'Ewòp e sòt fè nan rejyon Mwayen-Noryan an.


emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Nouvo Premye Minis Ayisyen an, Michèle Pierre-Louis, Pale de Defi Ijan ki Devan Peyi a  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Michèle Pierre-Louis
Gouvènman Ayisyen an Mande Asistans Entènasyonal Apre Dega Siklòn Gustav ak Hanna  Audio Clip Available
Tanpèt Twopikal Hanna Pwovoke Inondasyon ann Ayiti  Audio Clip Available
Siklòn Gustav Fòse Pati Repibliken an Chanje Pwogram Konvansyon an  Audio Clip Available
Ayiti:Chanm Depite a Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye Michèle Pierre-Louis
Senatè McCain Chwazi Gouvènè Eta Alaska a Kòm Kandidat Pou Vis-prezidan.
Kandida Barack Obama Aksepte Nominasyon Pati Demokrat la
Senatè Barack Obama Ofisyèlman Kandida Pati Demokrat la.