Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Omwen Trant Moun Mouri Nan Yon Terib Aksidan Machin Toupre Vil Cavaillon


27-07-2008

29 moun pou pi piti pèdi lavi yo samdi nan yon kokenn aksidan sikilasyon nan lokalite Zoranger, nan zòn vil Cavaillon, nan rejyon sidwès peyi Dayiti. 60 lòt blese nan aksidan sa a, lè yon kamyon ki tap transpote moun ak machandiz pèdi fren e al antre nan plizyè veyikil ki te kanpe arebò wout la pou pèmèt machin kap vini nan lòt sans lan pase akòz gravye ak tè lapli pote jennen sikilasyon an.  Dapre nouvèl ki sòti nan divès sous ta genyen plis pase 30 mò, paske genyen anpil blese grav ke yo oblije transpòte nan lopital jeneral nan vil Okay ak nan lopital Bonne Fin an, toujou nan Okay, ki ka pa chape. Vil Les Cayes sitiye sou yon distans 196 kilomèt ak vil Pòtoprens, kapital Ayiti.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Prezidan-Eli Barack Obama Nonmen Senatè Hillary Clinton Kòm Sekretè Deta

  Lòt Nouvèl
Diaspora Ayisyèn Nan Rete Mobilize Pou Ede Viktim Siklòn yo Ann Ayiti  Audio Clip Available
Atak Teworis Nan Mumbai, Peyi End; Bilan Pwovizwa: 101 Moun Mouri
Yon Tribinal Dominiken Pwononse l' Anfavè Reklamasyon 500 Braceros Ayisyen Kont Yon Izin Sik Lokal  Audio Clip Available
Barack Obama Anonse Ekip Ekonomik li a  Audio Clip Available
Prezidan-Eli Barack Obama Pral Parèt Ak Yon Plan Relans Ekonomik Plizyè Santèn-Milya Dola  Audio Clip Available
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm