Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Georgie ak La Russie Aksepte Plan Lapè La France Pwopoze a


12-08-2008

Prezidan la Russie a, Dmitri Medvedev, anonse li pase lòd pou militè yo mete fen nan ofansiv kont repiblik Jòji a.  Men, prezidan jòjyen an, Mikhail Saakashvili, deklare fò russ yo kontinye lanse atak sou tèritwa li. Sekretè Konsèy Nasyonal Sekirite Jòjyen an, Alexander Lomaia, di jounalis yo mèkredi apeprè 50 tank ak veyikil ame russ antre nan vil Gori. Mesye Medvedev anonse fen operasyon yo pandan prezidan franse a, Nicolas Sarkozy, te twouve l' nan Moskou 
Presidents Mikhail Saakashvili (r) and Nicolas Sarkozy at their press conference in Tbilisi, 13 Aug 2008
Prezidan Mikhail Saakashvili (adwat) ak prezidan Nicolas Sarkozy pandan yon konferans pou laprès nan Tbilisi, 13 Out 2008
pou transmèt deman peyi oksidantal yo kap reklame yon seselfe.

  Msye Sarkozy deklare sèl sa peyi oksidantal yo vle se pou lapè retabli, pou moun nan rejyon an sispan soufri: "Trèv sa-a ta mete fen nan 5 jou atak san rete fòs aeryen ak twoup terès rus yo nan Jòji apre operasyon militè Jòji lanse kont gwoup separatis nan rejyon Ossetie di Sid yo ki vle pran endepandans yo vizavi Jòji pou yo ka fè pati la Russie pito "

Nouvèl yo rapote plus ke 2 mil moun mouri nan afwontman yo, yon chif ki daprè kèk analist ka monte pi wo toujou.

Prezidan russ la, Dmitri Medvedev, te prezante yon plan pou rezoud konfli a, e l' fè konnen prezans peyi la Frans ka ede tabli pi bon rapò ant Osseti du Sud ak Joji :

"Mwen kwè ke 6 pwen ki nan plan sa a pral oryante nou pou n' jwenn yon solisyon nan sitiasyon trajik sa a.  Pwen sa yo kapab sèvi pou Jòji pou Ossetie du Sud e prezans peyi la Frans pral ede nan aplikasyon pwotokòl sa a".

Kèlkezè apre prezidan russ la finn anonse fen operasyon yo, otorite Jòji yo deklare sòlda yo kite rejion estratejik Kodori, nan Abkhazi, sèl zòn nan Abkhazi ki anba kontwòl gouvènman santral Jòjyen an.

Nan Tbilisi, prezidan Mikkhail Saakashvili, pran lapawòl madi devan yon gwo foul manifestan e li fè konnen avyon konba russ yo kontinye lanse atak sou kèk sib nan Jòji, malgre seselfe otorite russ yo anonse a. Li deklare tou peyi li anba okipasyon etranjè e lap retire kò l' Komunote Eta Endepandan yo, yon regwoupman 6 repiblik ansyen Inyon Sovietik la.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Ayiti: Ankèt Sou Asasina Fiyanse Yon Komisè Polis Enlike Machin Yon Senatè  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Prezidan-Eli Barack Obama Nonmen Senatè Hillary Clinton Kòm Sekretè Deta
Diaspora Ayisyèn Nan Rete Mobilize Pou Ede Viktim Siklòn yo Ann Ayiti  Audio Clip Available
Atak Teworis Nan Mumbai, Peyi End; Bilan Pwovizwa: 101 Moun Mouri
Yon Tribinal Dominiken Pwononse l' Anfavè Reklamasyon 500 Braceros Ayisyen Kont Yon Izin Sik Lokal  Audio Clip Available
Barack Obama Anonse Ekip Ekonomik li a  Audio Clip Available
Prezidan-Eli Barack Obama Pral Parèt Ak Yon Plan Relans Ekonomik Plizyè Santèn-Milya Dola  Audio Clip Available
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm