Kandida alaprezidans, John McCain, chwazi yon dam moun pa finn konnen
twò byen Ozetazini---gouvènè Alaska Sarah Palin---kòm kandidat
alavisprezidans Pati Repibliken an.
 |
Kandida Repibliken alaprezidans Senatè John McCain ap bay akolad ak gouvènè repibliken Alaska a, Sarah Palin, ke l' chwazi kòm kandida pou visprezidan
|
McCain anonse chwa li vandredi 29
out devan yon foul patizan ki tap patisipe nan yon ransanbleman nan
Dayton, Eta Ohio, 4 jou anvan Konvansyon Nasyonal Pati Repibliken an. Msye McCain konsidere madam Palin kòm “kolistye li bezwen pou plas
visprezidan an, yon bon patnè ki genyen bon jan prensip, espri
konbatif e ki chaje ak konpasyon. M'sye
McCain di: li genyen anpil entegrite; li gen bon sans... ansanm ak yon
devosyon fawouch pou byen komen tout moun...e se ekzateman sa nou
bezwen nan Washington jounen jodi a.
Se premye fwa yon
fanm figure sou tikè Pati repibliken an kòm kandidat
alavis-prezidans. Palin, 44 tran, sou premye manda li kòm gouvènè Eta
Alaska; li se yon konsèvatè ni sou kesyon sosyal ni sou kesyon
ekonomik.
Seleksyon Sarah Palin--yon kandidat moun pa konnen byen nan
peyi a, rive sanzatann. Li marye e’l genyen 5 pitit. Palin prezante’l
kòm yon refòmatè ki pa renmen politik jis pou l’ fè politik.
Gouvènè
Palin deklare "pèp ameriken an bezwen lidè politik ki ka leve kanpe
kont statu-quo pou sèvi enterè komen sitwayen yo".
Rival demokrat msye
McCain nan, Barack Obama, kritike chwa gouvènè Palin nan; li deklare
 |
| Kandida demokrat Barack Obama kap salye foul la apre li finn aksepte nominasyon Pati li a nan Denver, Eta Colorado, 28 out 2008 la |
McCain chwazi ansyen “majistra kominal yon ti vil 9 mil abitan ki pa ki pa
gen okenn eksperyans nan politik etranjè”. Desizyon senatè Mc Cain nan tonbe mwenske 24 trè apre senatè Eta Illnois Barack Obama te aksepte nominasyon Pati Demokrat la nan yon diskou devan 80 mil moun ki te reyuni nan yon stad football an plen-nèr.
Diskou sa a mete fen nan Konsvansyon pati a ki te kòmanse lendi pase. Se ak yon eksplozyon aplodisman foul la te reyaji lè msye Obama tounen --a 47 tan-- premye Nwa ameriken ki aksepte nominasyon youn nan 2 pi gwo pati politik yo Ozetazuni pou pòs prezidan an.