Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Tanpèt Twopikal Hanna Pwovoke Inondasyon ann Ayiti


02-09-2008
Nouvèl Jounen 2 Septanm 2008-telechaje - Telechaje (Real) audio clip
Nouvèl Jounen 2 Septanm 2008-telechaje - Koute (Real) audio clip

An'Ayiti, tanpèt twopikal Hanna lage gwo lapli sou plizyè rejyon peyi a. Se konsa genyen gwo inondasyon nan vil Gonaïves kote dlo antre kay anpil moun nan nuit lendi premye pou leve madi 2 septanm nan.

Bilan pwovizwa lapolis kominike nan site Endepandans lan madi 2 septanm fè konnen otorite
Hurricane Rita strengthens to Catagory 5 storm
Foto yon Siklòn
yo deja dekouvri 12 kadav moun ki tap flote sou dlo. Genyen inondasyon tou nan lòt zòn nan Depatman Latibonoit ak Depatman Nò a, tankou nan
Pilate, Plaisance, Ennery, Chansolme ak Port-Margo, ki anba gwo van ak lapli ki fè anpil dega.

Korespondan nou Alfred Jean ban nou detay sou sitiasyon an nan Gonaïves.

Yon lòt kote, Sena ayisyen an kontinye resevwa apèl pou l' apwouve deklarasyon politik jeneral premye minis ratifye a, Michèle D. Pierre-Louis. Youn nan dènye pèsonalite ki adrese l' a palman an nan sans sa a, se Reveran Pè Edwin Paraison, ansyen konsil jeneral ayisyen nan Sanato-Domingo.

Daprè Pè Paraison, li lè pou palmantè yo bay madanm Pierre-Louis « feu vert » pou l' kòmanse fè travay peyi a. Renan Toussaint ap di nou plis depi Pòtoprens.

Klike sou lyen anlè a pou w' koute devlopman nouvèl sa yo.

 


 

 

 

 

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Ayiti: Ankèt Sou Asasina Fiyanse Yon Komisè Polis Enlike Machin Yon Senatè  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Prezidan-Eli Barack Obama Nonmen Senatè Hillary Clinton Kòm Sekretè Deta
Diaspora Ayisyèn Nan Rete Mobilize Pou Ede Viktim Siklòn yo Ann Ayiti  Audio Clip Available
Atak Teworis Nan Mumbai, Peyi End; Bilan Pwovizwa: 101 Moun Mouri
Yon Tribinal Dominiken Pwononse l' Anfavè Reklamasyon 500 Braceros Ayisyen Kont Yon Izin Sik Lokal  Audio Clip Available
Barack Obama Anonse Ekip Ekonomik li a  Audio Clip Available
Prezidan-Eli Barack Obama Pral Parèt Ak Yon Plan Relans Ekonomik Plizyè Santèn-Milya Dola  Audio Clip Available
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm