Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Gouvènman Ayisyen an Mande Asistans Entènasyonal Apre Dega Siklòn Gustav ak Hanna


03-09-2008
Repòtaj VOA Sou Dosye Siklòn yo AnnAyiti - Telechaje (MP3) audio clip
Repòtaj VOA Sou Dosye Siklòn yo AnnAyiti - Koute (MP3) audio clip

Prezidan ayisyen an lanse yon apèl bay kominote entènasyonal la pou li mande yon asistans prese-prese pou Ayiti, apre dega move tan sot fè nan peyi a. René Préval mande popilasyon an tou pou li rete veyatif e suiv konsèy ak avètisman sèvis meteo nasyonal la. 

Atlantic tropical cyclone activity, 8:00 am, EDT, 03 Sep 2008
Aktivite Siklòn Nan Atlantik la a 1200 GMT 3 Sep 2008
Chèf Leta a, demèm ke Premye-Minis ratifye a Michèle Duvivier Pierre-Louis, ap mobilize asistans entènasyonal pou Ayiti, avèk apui Misyon L'ONU an, apre Gustav ak Hanna fin fè plizyè douzèn mò ak yon bann dega materyèl nan rejyon Nò, Latibonit, Sidès, Sid, Grandans pou n' site sa sèlman.

Hanna mete Gonayiv anba dlo. Gen anpil moun ki bloke sou do kay ak pye bwa depi 2 jou, san dlo, san manje. Akote asistans sinistre yo bezwen tousuit, yon ekspè sou kesyon anviwonman an avèti ke Site Endepandans la kapab disparèt anba dlo si anyen pa fèt pou pwoteje basen vèsan yo. Enjenyè Jocelyn David reponn kesyon Jean Robert Philippe.

Kounye a Hanna mete tèt sou Bahamas kote responsab pwoteksyon sivil yo mande popilasyon an pa pran chans ak tanpèt la. Stephen Russel se youn nan responsab biwo NEMA nan Bahamas. Li mande piblik la deplase tousuit nan zòn ki pre rivyè ak lanmè.

Ou kapab tande deklarasyon Prezidan Préval, Enjenyè David ak Kòmandan Russel fè yo si ou fè klik sou ralonj ki anlè atik sa a.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Ayiti: Ankèt Sou Asasina Fiyanse Yon Komisè Polis Enlike Machin Yon Senatè  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Prezidan-Eli Barack Obama Nonmen Senatè Hillary Clinton Kòm Sekretè Deta
Diaspora Ayisyèn Nan Rete Mobilize Pou Ede Viktim Siklòn yo Ann Ayiti  Audio Clip Available
Atak Teworis Nan Mumbai, Peyi End; Bilan Pwovizwa: 101 Moun Mouri
Yon Tribinal Dominiken Pwononse l' Anfavè Reklamasyon 500 Braceros Ayisyen Kont Yon Izin Sik Lokal  Audio Clip Available
Barack Obama Anonse Ekip Ekonomik li a  Audio Clip Available
Prezidan-Eli Barack Obama Pral Parèt Ak Yon Plan Relans Ekonomik Plizyè Santèn-Milya Dola  Audio Clip Available
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm