Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

FIFA ap Pèmèt Travayè yo Asiste Koup du Mond la


18-09-2008

Foutbòl / Afrik du Sud

Prezidan FIFA a Sepp Blatter anonse travayè kap travay nan konstruksyon stad yo an Afrik du Sud ap resevwa tikè gratis pou asiste match yo. Msye Blatter trouve l an Afrik du Sud kote lap enspekte konstruksyon enstalasyon yo. Dapre dirijan football mondyal la chak travayè ap resevwa 2 tikè pou yo asiste rankont nan stad yo ede konstrui a.
15 pou 100 pami 3 milyon tikè yo pral vann a 20 dola pou moun kap viv an Afrik du Sud yo kapab asiste rankont yo.

Foutbòl / Etazini

Seleksyon football feminen ameriken an ranpòte yon 2 zièm viktwa  1 a 0 fas Irland nan kad yon match amikal ki jwe yè swa nan New York. 2 ekip yo gen pou rankontre Samdi tou pre vil Chikago.

Foutbòl / Eròp

Manchester United fè match nul 0 a 0 ak Villarreal. Dinamo de Kiev fè match nul 1 a 1 ak Arsenal. FC Porto danse sou Fenerbach. Real Madrid ranpòte yon viktwa 2 a 0 fas a klub Belarus Bate Borisov.

Foutbòl / KONKAKAF

CD Marathon kale Cruz Azul 2 a 0. Santos Laguna te fè anpil efò avan li kale CSD Municipal 3 a 2. Inpak de Montreal suprann Joe Publik 2 a 0.
Nan Match kalifikatif pou Amerik Santral la kategori mwens de 20 tan Nicaragwa tonbe devan Kosta Rika 4 a 0.

Tenis / Koup Davis

Doub champyon Olenpik Swis Roger Federer ak Stanislas Wawrinka ki sot ranpòte tit doub je zolenpik yo pral kolabore pou retounen la Swis nan sikwi group tenis mondyal la lè yap rankontre la Bèljik demen Vandredi a nan yon match de baraj.
8 venkè seri baraj la ap kalifye pou premye tou koup DAvis sezon 2009 la.
Pèdan yo ap kòmanse sezon nan group 1 an konte yo pral eseye kalifye pou elit mondyal la pou sezon 2010 la.

Baskètbòl

Vedèt basketball Washington Wizards la  Gilbert Arenas ap rate yon mwa pou pipiti sezon basketball la akoz li pral fè yon operasyon nan  pye. Arenas ki siyen yon kontra 111 milyon dola pou 6 zan, kapab retounen sou teren an Desanm.


Sklis

Siklis espayòl Imanol Erviti ranpòte 18 tièm etap kous bisiklèt Tour dEspay la men Alberto Contador toujou nan tèt klasman jeneral la nan moman manke 3 jou pou konpetisyon an fini. Si Contador ranpòte konpetisyon an lap tounen premye siklis ki ranpòte 3 gran konpetisyon siklis. Contador deja ranpòte Tour de Frans la ak Tour dItali ane sa a.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Ayiti: Ankèt Sou Asasina Fiyanse Yon Komisè Polis Enlike Machin Yon Senatè  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Prezidan-Eli Barack Obama Nonmen Senatè Hillary Clinton Kòm Sekretè Deta
Diaspora Ayisyèn Nan Rete Mobilize Pou Ede Viktim Siklòn yo Ann Ayiti  Audio Clip Available
Atak Teworis Nan Mumbai, Peyi End; Bilan Pwovizwa: 101 Moun Mouri
Yon Tribinal Dominiken Pwononse l' Anfavè Reklamasyon 500 Braceros Ayisyen Kont Yon Izin Sik Lokal  Audio Clip Available
Barack Obama Anonse Ekip Ekonomik li a  Audio Clip Available
Prezidan-Eli Barack Obama Pral Parèt Ak Yon Plan Relans Ekonomik Plizyè Santèn-Milya Dola  Audio Clip Available
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm