Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Yon Ranmase sou Efò Sekou yo ann Ayiti kèk Semenn aprè Pasaj Siklòn yo


20-09-2008
Ayiti - Operasyon Sekou Aprè Siklòn yo---telechaje - Telechaje (Real) audio clip
Ayiti - Operasyon Sekou Aprè Siklòn yo---telechaje - Koute (Real) audio clip

      
[insert caption here]

         Pandan semèn sa a, Ayiti resevwa vizit administratris USAID (Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal la), Henrietta Holsman Fore, ki t al Pòtoprens pou l demontre apui Lèzetazini pou Ayiti apre pasaj plizyè gwo mote tan ki fè anpil viktim nan peyi a. Madam Holsman Fore anonse Washington pral ajoute yon afè de 9 milyon dola sou èd li ane sa a pou Ayiti kòm asistans ki lye dirèkteman ak dega dènye siklòn yo. An plis administratris USAID a, anbasadè ayisyen an nan Washington, Raymond Joseph, pale nou tou de kèk lòt aspè koutmen Lèzetazini ap bay Ayiti e de mouvman ki sou pye nan dyaspora a pou ede viktim siklòn yo.
 
          Lakwa Wouj Ayisyèn, ki mete ansanm ak patnè li yo ann Ayiti e a letranje, kontinye fè efò pou ede viktim siklòn yo. Daprè kontak VOA pran ak responsab enstitisyon an, èd rive kounyela a nan anpil zòn ki te izole akoz wout ak pon ki kraze, oubyen akoz absans tout mwayen deplasman. Direktè egzekitif Kwa Wouj la, Doktè Guiteau Jean-Pierre, di nou responsab yo jwenn bon jan repons ak reyaksyon pozitif aprè apèl yo te lanse pou mande Ayisyen patisipe nan yon kanpay nasyonal pou ede viktim yo. Daprè Doktè Jean-Pierre, dyaspora a pa rete endiferan; pa egzanp, divès delegasyon sòti tou patou o Zetazini pou pote apui bay mouvman asistans sa a.

Etang de Miragoane, Haiti 17 Sep 2008
Letan Miragwàn debòde -17 Sep 2008
     Eske lòm ayisyen patisipe nan degradasyon anviwonnman nan peyi li, ki fè l si fasil konsa pou Ayiti viktim, pou gen gwo dega ak anpil viktim chak fwa move tan pase sou peyi a? Doktè Guiteau Jean-Pierre ak ekolojis Philippe Léon –manm komite direktè Fondasyon Segen— reponn kesyon sa a. Misye Léon di nou mouvman ekolojis tankou òganizasyon pa l la pa dekouraje, malgre dega move tan yo koze divès kote ann Ayiti montre gen anpil gwo travay ki pou fèt toujou pou chanje sitiyasyon an.

Klike sou lyen anlè a pou w tande devlopman nouvèl sa yo.

 

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Ayiti: Ankèt Sou Asasina Fiyanse Yon Komisè Polis Enlike Machin Yon Senatè  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Prezidan-Eli Barack Obama Nonmen Senatè Hillary Clinton Kòm Sekretè Deta
Diaspora Ayisyèn Nan Rete Mobilize Pou Ede Viktim Siklòn yo Ann Ayiti  Audio Clip Available
Atak Teworis Nan Mumbai, Peyi End; Bilan Pwovizwa: 101 Moun Mouri
Yon Tribinal Dominiken Pwononse l' Anfavè Reklamasyon 500 Braceros Ayisyen Kont Yon Izin Sik Lokal  Audio Clip Available
Barack Obama Anonse Ekip Ekonomik li a  Audio Clip Available
Prezidan-Eli Barack Obama Pral Parèt Ak Yon Plan Relans Ekonomik Plizyè Santèn-Milya Dola  Audio Clip Available
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm