Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Aktè, Filantwòp Paul Newman Mouri a 83 Zan


27-09-2008

In this 1999 file photo, actor Paul Newman of Newman/Haas Racing keeps an eye on track at Molson Indy during qualifying session
Aktè Paul Newman an 1999 pandan kous otomobil Molson Indy a
Aktè e filantwòp ameriken Paul Newman, 83 zan, desede lakay li yè nan Westport,  Eta Connecticut, anba maladi kansè dapre yon kominike fondasyon Newman nan, Newman's Own, pibliye jodi samdi 27 septanm nan. Paul Newman, jwe nan plis pase 60 film, pami-yo: Exodus, La chatte sur un toit brûlant avèk Elizabeth Taylor (1959, 10 sitasyon pou yon pri Oscar Hollywwod) Butch Cassidy et le Kid, l'Arnaqueur, ak la couleur de l'argent.
Nan yon entèviou li te bay chèn televizyon ABC nan mwa me 2007, msye Newman te anonse lap sispann karyè sinema li paske li te estime li pa kapab remèt ankò menm kalte pèfòmans li atann de tèt li. Newman te di avèk laj kap antre, "ou koumanse pèdi memwa, ou koumanse pèdi konfyans nan tèt ou ak kapasite pou'w inove.

Pou rezon sa a li te di jwe nan film se yon paj li vire nan vi li. Paul Newman, marye depi 1958 ak aktris Joanne Woodward, swa youn nan maryaj ki dire pi lontan nan mond Hollywood la. Akote karyè aktè ak pilòt otomobil li, Newman te aktif anpil nan èv charite atravè sosyete pwodui alimantè li a "Newman's Own" ki fabrike tout yon varyete pwodui, sòt sou vinegrèt pou salad janbe nan pat tomat pou tonbe sou pop-corn, elatriye.

Depi 1982, tout benefis li reyalize nan lavant pwodui sa yo (200 milyon dola) al jwenn oganizasyon kap travay ak moun defavorize toupatou atravè lemond. Apre 55 kan karyè, Paul Newman jwe ou mete vwa li nan 75 film ak seri televize. Dènye a se yon film desen anime konpayi Disney-Pixar ki rele "Machinn 4 wou" ki parèt nan ane 2006. Men film pi selèb Paul Newman ki siman ap rete pou lontan ankò nan lespri sinefil yo se:Exodus, Luke la main froide, Butch Cassidy et le Kid, avek Robert Redford, zanmi li ki kwè pataje avèk li gwo konviksyon ak valeur demokratik. 

Paul Newman te pran nesans 26 janvye 1925. Li ranpòte yon Oscar pou film la couleur de l'argent an 1987.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Ayiti: Ankèt Sou Asasina Fiyanse Yon Komisè Polis Enlike Machin Yon Senatè  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Prezidan-Eli Barack Obama Nonmen Senatè Hillary Clinton Kòm Sekretè Deta
Diaspora Ayisyèn Nan Rete Mobilize Pou Ede Viktim Siklòn yo Ann Ayiti  Audio Clip Available
Atak Teworis Nan Mumbai, Peyi End; Bilan Pwovizwa: 101 Moun Mouri
Yon Tribinal Dominiken Pwononse l' Anfavè Reklamasyon 500 Braceros Ayisyen Kont Yon Izin Sik Lokal  Audio Clip Available
Barack Obama Anonse Ekip Ekonomik li a  Audio Clip Available
Prezidan-Eli Barack Obama Pral Parèt Ak Yon Plan Relans Ekonomik Plizyè Santèn-Milya Dola  Audio Clip Available
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm