Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

2 Kandida pou Pòs Vis-Prezidan Ameriken, Sarah Palin ak Joe Biden, fè Deba sou Politik Nasyonal e Entènasyonal Lèzetazini


03-10-2008
Deba ant 2 Kandida Pou Pòs Vis-Prezidan Ameriken an -- 3 Okt08--telechaje - Telechaje (Real) audio clip
Deba ant 2 Kandida Pou Pòs Vis-Prezidan Ameriken an -- 3 Okt08--telechaje - Koute (Real) audio clip

Senator Joe Biden (left) and Governor Sarah Palin during debate, 2 Oct 2008
Senatè Joe Biden (goch) avèk Gouvènè Sarah Palin nan deba 2 oktòb 2008 la
Etazini-Politik:  Kandida pou pòs vis-prezidan an, Demokrat Joe Biden ak Repibliken Sarah Palin, patisipe yè-swa (jedi 2 oktòb la) nan sèl deba ki prevwa ant yo 2 a pou kanpay 2008 la.
Pandan plis pase 90 minit, Madam Palin ak Misye Biden abòde divès kesyon ki gen rapò ak politik nasyonal e entènasyonal Lèzetazini, pa egzanp :

-Fason gouvènman Bush la jere dosye Lagè Irak la ;

-Kriz sektè finansye ameriken an ap tavèse a;

-Pozisyon kandida a la prezidans yo –Demokrat Barack Obama ak Repibliken John McCain) sou pwoblèm sa yo…

         Pandansetan, pri aksyon yo sou mache labous yo sou kontinan azyatik la e ann Ewòp bese jodi vandredi a nan moman envestisè yo kontinye gen kè-sote devan le fèt ke ekonomi amerikèn nan ap travèse yon kriz manch long. Se konsa, endis Nikkei la (o Japon) sibi yon bès preske 2 pousan; nan Hong Kong bès la rive preske nan nivo 3 pousan e pri yo bese tou nan Bombey (peyi Lend), nan Sengapour e nan Sidney (Ostrali). Pi gwo endis yo ann Ewòp --tankou nan vil Lond (Angletè) , Pari (Frans) ak Frankfort (Almay) -- fè yon ti bese nan premye tranzaksyon ki fèt jodi vandredi a.

Senate floor during debate on bailout bill (pool video)
Yon sesyon nan Sena ameriken an sou plan sovtaj la mèkredi premye oktòb la.
      Anfen,
nouvèl yo fè konnen sipò ap ogmante nan Kongrè ameriken an pou yon plan sovtaj 700 milya dola pou sektè finansye a anvan Chanm Depute a re-vote sou plan sa a jodi vandredi a. Anpil palmantè republiken e demokrat ki te vote kont plan an lendi pase a, anonse yo dispoze kounyela a pou yo  apwouve l. Lidè majorite a nan Chanm dè Reprezantan an, Steny Hoyer (Demokrat Eta Maryland), panse genyen bon jan chans pou pwojè-lwa a pase fwa sa a.

    Pou w tande yon repòtaj sou deba ant Madam Palin e Misye Biden nan, klike sou lyen anlè a.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Ayiti: Ankèt Sou Asasina Fiyanse Yon Komisè Polis Enlike Machin Yon Senatè  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Prezidan-Eli Barack Obama Nonmen Senatè Hillary Clinton Kòm Sekretè Deta
Diaspora Ayisyèn Nan Rete Mobilize Pou Ede Viktim Siklòn yo Ann Ayiti  Audio Clip Available
Atak Teworis Nan Mumbai, Peyi End; Bilan Pwovizwa: 101 Moun Mouri
Yon Tribinal Dominiken Pwononse l' Anfavè Reklamasyon 500 Braceros Ayisyen Kont Yon Izin Sik Lokal  Audio Clip Available
Barack Obama Anonse Ekip Ekonomik li a  Audio Clip Available
Prezidan-Eli Barack Obama Pral Parèt Ak Yon Plan Relans Ekonomik Plizyè Santèn-Milya Dola  Audio Clip Available
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm