Plizyè santè n milye adolesan ayisyen pran chimen
lekòl jodi lendi 6 oktòb la,kèk semèn
apre ouragan te fòse responsab yo ranvwaye ouvèti ofisyèl ane skolè a.
Korespondan nou Rotchild François Junior fè konnen Minis Edikasyon Nasyonal la
rekonèt difikilte paran yo rankontre nan moman sa a.
Premye Minis ayisyen an, Michèle Duvivier Pierre-Louis
fè konnen se responsabilite gouvènman an pou l rekonstwi peyi a. Korespondan
nou Montigène Sincère gen deklarasyon chèf gouvènman an.
Otorite ayisyen yo kontinye ap degaje-yo kou Mèt Jan-Jak
pou pote asistans bay popilasyon ki sinistre depi pasaj dènye siklòn yo. Nan
Plato Santral, gen divès operasyon ki sou pye. Dabò, nou pral nan vil Hinche ak
korespondan-nou Sainlus Augustin. Epi, nan Mirebalais, Jean Christophe Collegue
di nou yon òganizasyon prive kòmanse
distribye asistans bay andikape fizik yo.
Anfen, yon palmantè ayisyen mande responsab agrikòl
yo pou asiste fèmye yo apre move tan ki sakaje peyi a. Wilson Dubuisson gen
nouvèl sa a depi vil Boston.
Ou ka koute tout repòtaj sa yo si ou fè klik sou ralonj ki anlè foto a.