Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Bank Santral Ozetazuni e Atravè Lemond Bese To Enterè yo


08-10-2008

Fed Chairman Ben Bernanke before the Joint Economic Committee of Congress, 24 Sep 2008
Prezidan Bank Santral Etazini an, Ben Bernanke
Bank Santral atravè lemond redui to enterè yo, nan kad yon aksyon kowòdone pou evite yon resesyon mondyal. Rediksyon to enterè yo rive nan moman Fon Monetè Entènasyonal (FME) fè konnen ekonomi mondyal la ap antre nan yon “peryòd gwo bès” e lap fè fas ak chòk “pi danjere” mache finansye peyi devlope yo janm anrejistre depi ane 30 yo.

Se mèkredi maten, bank santral Etazuni an, Rezèv Federal-la, anonse li bèse to enterè li yo. Bank Santral Ewopeyèn nan, ak Bank Santral nan Lagrand Bretay, Kanada, Lasuis, Lasuèd ak Lachin anonse tou ke yo redui to d’enterè yo. 

Premye-Minis britanik la, Gordon Brown, deklare aksyon
U.S. Treasury Secretary Henry Paulson, 08 Oct 2008
Minis Finans Etazini an, Henry Paulson, 8 Okt 2008
kowòdone sa a se yon “siyal enpòtan” ki fè wè lemond pral kolabore pou chache solusyon pwoblèm ekonomik yo. Bò kote pa li, sekretè Trezò Etazuni-an (konprann minis finans lan) Henry Paulson deklare efò ki sou pye pou soulaje pwoblèm kredi yo ap mache rapidman.

AKT. PAULSON:

Nou se yon nasyon puisan e rich ak resous ki ka ede n' fè fas ak defi nou genyen devan nou yo. Mwen gen konfyans ke, avèk bon politik-la, avèk tan e avèk jèfò, nou pral simonte defi sa yo tou.

                        (FEN AKT)

Msye Paulson fè konnen tou ekip espesyalis ki pral travay sou plan 700 milya dola gouvènma-an---plan ki vize achte nan men enstitisyon finansyè yo move prè ipotekè yo te fè---pral sou plas anvan fen semèn nan e yo kapab koumanse achte move prè yo nan 2 semèn.  

  

                 

 

 

                    

 

 

 
      

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Ayiti: Ankèt Sou Asasina Fiyanse Yon Komisè Polis Enlike Machin Yon Senatè  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Prezidan-Eli Barack Obama Nonmen Senatè Hillary Clinton Kòm Sekretè Deta
Diaspora Ayisyèn Nan Rete Mobilize Pou Ede Viktim Siklòn yo Ann Ayiti  Audio Clip Available
Atak Teworis Nan Mumbai, Peyi End; Bilan Pwovizwa: 101 Moun Mouri
Yon Tribinal Dominiken Pwononse l' Anfavè Reklamasyon 500 Braceros Ayisyen Kont Yon Izin Sik Lokal  Audio Clip Available
Barack Obama Anonse Ekip Ekonomik li a  Audio Clip Available
Prezidan-Eli Barack Obama Pral Parèt Ak Yon Plan Relans Ekonomik Plizyè Santèn-Milya Dola  Audio Clip Available
Santo-Domingo: Somè sou Kriz Ekonomik Mondyal la: Premye Minis Pierre-Louis nan Tèt Delegasyon Ayiti a  Audio Clip Available
Medya Ameriken yo Fè Konnen Kabinè Prezidan-Eli a, Barack Obama, Koumanse Ap Pran Fòm