Asistan
sekretè jeneral òganizasyon Eta Ameriken yo, Albert Ramdin, pwononse l' anfavè
pwopozisyon pou Lèzètazuni bay Ayisyen kap viv ilegalman sou tèritwa ameriken
an statu
 |
Drapo peyi Òganizasyon Eta Ameriken yo
|
pwoteksyon tanporè. Msye Ramdin ki tap pale pandan yon dine an lonè
premye minis Grenad la, Tilman Thomas, di “moun pa kapab imajine--si yo pa
wè ak je-yo--sa sa vle di viv nan vil Gonayiv kote pa genyen anyen ki rete
eksepte lari ak kay chaje labou”, apre pasaj tanpèt twopikal ak ouragan ki
ravaje site endepandans ayisyèn nan. Anbasadè
Ramdin ekzòte Kongrè ameriken an “suspann tanporèman depòtasyon imigran ayisyen
ilegal yo”, jan prezidan René Préval te mande’l dènyèman la a.
Asistan
sekretè jeneral òganizasyon Eta Ameriken yo di “Ayiti bezwen tout apui li kapab
jwenn, paske, akote tout gwo defi nasyon sa a deja ap konfwonte, tankou ranfòse
demokrasi, chomaj kap vale teren, estabilite politik, krim, trafik dwòg, kriz
lavi chè ak kriz enèji, kounye a dezas natirèl e anviwonnmantal vinn
konplike sitiasyon an pi plis toujou nan nasyon karibeyen an.
Msye
Ramdin felisite Kongrè ameriken an deske li apwouve sa pa gen lontan plan èd
100 milyon dola pou ede Ayiti apre dezas natirèl ki frape repiblik ayisyèn nan,
e’l ofri sipò òganizasyon li an pou ede peyi a nan mezi kapasite yo.