Prezidan Barack Obama mande Kongrè ameriken an ogmante
finansman pou yon pwogram asistans entènasyonal ki vize ankouraje
kwasans a lon tèm. Administrasyon Obama a ap eseye jwenn 1 milya 420
milyon dola pou òganizasyon “
Millenium Challenge Corporation”, MCC, pou ane fiskal kap tanmen nan
mwa oktòb kap vini an.
Ogmantasyon 63 pousan sa a, se yon testaman ki
demontre apui gouvènman ameriken an vle bay pwogram nan ki efikas anpil
nan lit kap kont lamizè sou planèt la.
Peyi kap chache asistans nan men òganizasyon Millenium Challenge
Corporation nan dwe ran jijman ki juss, envesti nan sitwayen yo e
ankouraje kreyasyon antrepriz lakay yo.
Konsèp la, sè ke asistans pou
devlopman bay pi bon rezilta nan peyi ki oblije adopte bon
politik ekonomik e kote gouvènman yo ap travay pou konbat koripsyon.
Efò pou lite kont koripsyon an enpòtan anpil pou pwoteje lajan kontribyab
ameriken yo, e pou asire suksè asistans la. Politik Òganizasyon
Millenium Challenge Corporation nan egzije yon kontwòl sere lit
anti-koripsyon ak yon kontwòl efò kap fèt lokalman pou konfwonte pwoblèm sa a.
Depi
ane 2005, MCC depanse 470 milyon dola nan pwogram kap ede peyi ki ka benefisye pwogram Millenium Challenge
Corporation an satisfè egzijans ki mache ak bòn
gouvènans. 250 milyon dola nan lajan sa a ap sèvi nan efò pou konbat
kowipsyon.
Tanzani, pa egzanp, fini avèk suksè yon pwogram 11 milyon dola.
Youn nan pwen fò pwogram nan genyen rapò ak fòmasyon 300 jounalis ak 80
majistra pou montre yo kòman pou lite kont koripsyon ak krim finansye,
tankou blanchiman lajan. Apre sa, Tanzani te vin kalifye pou yon don
698 milyon dola ke lap itilize pou ankouraje kwasans ekonomik atravè
envestisman nan domèn transpò, enèji ak domèn dlo potab.
Paragwe utilize yon don sou menm fòm nan pou afwonte koripsyon nan
mitan fonksyonè sivil yo. Konsa, li amelyore kapasite sitwayen yo pou
yo respekte règlemantasyon ki lye ak tranzaksyon pou anrejistre e
demare yon antrepriz. Poutan, Nan Madagaskar, yo koupe 110 milyon dola finansman yon pwogram
anti-povrete poutèt zòt te fòse prezidan Marc Ravalomanana, ki te eli
demokratikman, bay demisyon’l nan kòmansman ane a.
Lèzètazini pran angajman pou’l ede lòt nasyon fè lit
anti-koripsyon an antre yon fason total-kapital nan efò peyi sa yo ap deplwaye pou elimine
lamizè lakay yo.