Otorite chinwa yo,
yon lòt fwa ankò, ap deplwaye plis efò pou yo mete restriksyon sou libète
ekspresyon avèk blokaj sit wèb tankou Twitter, Flickr ak Hotmail. Restriksyon
sou entènèt la se youn pami divès mezi gouvènman chinwa a te pran nan semèn ki
sòt pase yo pou toufe disansyon ki antoure anivèsè represyon vyolan
manifestasyon plas Tienanmen yo, 4 jen 1989.
Jennifer
Windsor, direktris ekzekitif "Freedom House" di: jèn yo nan Lachin deja ase
byen enfòme sou manifestasyon pwo-demokrasi 1989 yo e sou masak ki te pran lavi
plizyè santèn (si se pa dè milye) manifestan pasifik. Windsor deklare: desizyon
Lachin pou l' bloke sit sa yo reprezante denyè "assaut" nan yon kanpay san rete
pou efase le pase.
Otorite chinwa
yo bloke regilyèman sèten fonksyon entènèt la pandan evènman yo konsidere kòm "politikman sansib", tankou Je Olenpik Peken yo ak Kongrè Pati Kominis Chinwa
a.
Dapre "Freedom
House", gouvènman chinwa a ap jere systèm siveyans entènèt ak dispozitif "baboukèt"
pi sofistike ki genyen nan lemond.
Selon dènye rapò
Depatman Deta pibliye sou pratik dwazimen peyi Lachin, polis entènèt chinwa a
kapab bloke otomatikman kourye elektwonik (e-mail) ak sal konvèsasyon kote moun
ap "chat" sou web la gras ak yon teknik ki pèmèt yo detekte mo "sansib", mo-kle
tankou Falun Gong ak endepandans Tibè.
Malgre kontwòl
sa yo espas sibènetik chinwa a laji pou l' tounen youn fowòm dinamik ki genyen
plizyè santèn milyon itilizatè.
Lèzetazini
genyen kè sote devan mezi ki vle limite aksè moun sou rezo entènèt la e devan
mezi restriksyon sou dwa libète ekspresyon tout kominote entènasyonal la rekonèt.
Prezidan Barack
Obama di: "demokrasi, eta de dwa, libète lapawòl, libète relijyon, se pa senpleman prensip loksidan men okontrè, se dapre sa'm kwè, prensip inivèsèl."