Nan yon viktwa pou diplomasi e pou efò afriken yo pou yo retabli lòd
demokratik la, lidè militè ki sou pouvwa a ak dirijan opozisyon an nan
Moritani dakò pou yo mete fen nan kriz politik ki izole nasyon Afrik de
Lwès la depi koudeta mwa out ane pase a.
Ako sa a / ki se rezilta negosyasyon gouvènman Sénégalè a ak Inyon
afrikèn nan te patwone / mete Moritani sou wout “retou lòd
konstitisyonèl atravè eleksyon lib e onèt mwa pwochen an.
Akò sa a, kapab sèvi tou kòm egzanp pou lòt nasyon afriken, tankou
Madagascar, kote lit politik bloke jwèt demokratik la.
Dapre akò Sénégal la, jeneral Mohamed Ould Abdel Aziz--- lidè jent ki te
mete ak lòt ofisye siperyè nan lame a pou jete prezidan Sidi Ould
Cheikh Abdallahi sou pouvwa a---sispann kanpay li kòm kandida
alaprezidans nan eleksyon ki te fikse pou 6 Jen an. Kounye a, vòt la dwe
dewoule 18 Juyè e yo atann aske pati opozisyon ki tap pwoteste kont
eleksyon an patisipe nan skriten an.
Lòt moun ki poze kandidati li nan kouss la se kolonèl Ely Ould Mohamed
Vall---lidè ansyen gouvènman tranzisyon ki, nan ane 2007, te remèt
pouvwa a bay yon gouvènman sivil apre premye eleksyon demokratik ki te
dewoule nan Moritani an.
Akò Sénégal la prevwa tou fòmasyon yon gouvènman inite.
Lèzetazini bat
bravo pou pati yo nan Moritani ki rive jwenn yon konsensus pou rezoud
kriz politik peyi a. Ako sa a reprezante tou yon siksè (moun dwe felisite)
pou Inyon afrikèn nan e pou pèp Moritani an.
Lèzetazini pral apiye yon
fason aktif tout pati ki siyen akò a---ansanm ak efò ki sou pye pou
eleksyon mwa pwochen an lib, onèt e kredib.