Se tris, men peyi Nijè antre sou lis nasyon afriken ki sibi chòk lit pou
pouvwa prezidansyèl, yon lis kap vin pi long alèkile. Nan yon tantativ
pou prezidan Mamadou Tandja òganize yon referendum pou pwolonje manda
li, li poze kèk aksyon ki menase stabilite ak demokrasi nan peyi li, e
Lèzetazini ap suiv "de près" sitiyasyon k’ap dewoule lòtbò a.
Kriz la
te kòmanse mwa pase lè pi gwo tribinal nan peyi Nijè a te deklare kòm
aksyon ilegal tantativ prezidan Tandja te fè pou li òganize yon vòt popilè
pou chanje konstitisyon an, yon fason pou li ka poze kandidati li pou yon
twazyèm manda.
Prezidan an, ki sipoze kite pòs li lè dezyèm manda li a bout
nan fen ane a, te reyaji: li te kraze tribinal la epi anonse li pral gouvène
ak dekrè kounye a. Tansyon yo te ogmante apre li te dekrete “état d’urgence”,
disoud Asanble Nasyonal la, arete pou yon ti tan gwo lidè opozisyon
Mahamadou Issoufou, epi pase lòd pou mete baboukèt sou media yo pou pa gen
twòp deba sou desizyon l’ pran yo.
Inyon Afrikèn nan voye yon delegasyon
nan Nijè pou ede pwotagonis yo jwenn yon antant ak yon solisyon pasifik pou
kriz la. Kominote Ekonomik Eta Afrik de Lwès yo gen kè sote tou, e li
pibliye yon kominike ki fè konnen kapab gen sanskyon ekonomik kont
prezidan an si aksyon n yo kontrè ak prensip demokratik yo.
Se ta regretan,
puiske sanksyon sa yo tap fin pa afekte sitwayen nijeryen yo tou.
Nan
kèk ane ki sot’ pase la yo, peyi Nijè fè bon jan pwogrè nan efò pou tabli
bon gouvènans ak “état de droit.” Desizyon prezidan Tandja pran tou dènyèman
la a minen pwogrè sila a, e Lèzetazini pral rete an kontak e kolabore ak
patnè li yo nan rejyon an pou fasilite yon solisyon nan kriz peyi Nijè ap
travèse a.