Sa fè katran depi faksyon (gwoup) ki nan Nò ak Sid peyi Soudan te mete yon pwen final nan lagè sivil
manch long yo t’ap fè a, e siyen yon akò lapè. Sepandan mezantant sou
fason akò sa ![[insert caption here] [insert caption here]](/creole/images/AP_Sudan_SPLA_209AN09_0.jpg) |
Twoup Lame Liberasyon Pèp Soudan an
|
a dwe aplike menase pou plonje nasyon twouble sa a nan konfli
ankò. Gen anpil bagay ki an je la a ni pou pèp soudanè a, ni pou rejyon an,
e lespwa moun genyen se pou pati konsène yo ta repran angajman pou yo jwenn
yon akò final pou konplete tout kondisyon ki nan antant la.
Nan yon
konferans isit Washington 23 jen pase a, Etazini ak manm kominote
entènasyonal la te re-afime apui yo san rezèv pou jefò ki sou pye pou jwenn
aplikasyon total CPA a (abreje anglè pou Akò Lapè Global), nan moman peyi
Soudan ap vanse sou wout eleksyon nasyonal an 2010 ak yon referendum an 2011
pou konnen si rejyon Sid la ak pwovens Abyei ap chwazi pou yo separe ak
Soudan.
Sekretè-deta-adjwen ameriken James Steinberg te di reprezantan ki te
nan konferans la, “Nou anfas kèk echeyans trèzenpòtan nan yon avni ki pa twò
lwen. Echeyans sa yo pral jete baz avni Soudan li-menm, an byen ou an
mal.”
Akò global 2005 la te bay popilasyon nan sid Soudan otonomi, kidonk
dwa pou yo jere pwòp zafè yo, nan domèn relijyon ak politik, epitou yon wòl
nan gouvènman inite nasyonal peyi a, pou rive jous nan lane 2011, lè va
gen yon vòt popilè pou detèmine si rejyon an ap pran endepandans li
nèt.
Gen yon gwo pyè dachòpman ki vin delope sou kesyon kilès ki dwe
kontwole pwovens Abyei. ![[insert caption here] [insert caption here]](/creole/images/AFP_Sudan_Dinka_tribe_from_of_Abyei_hold_banners_eng_195_27_May_0.jpg) |
Manm Tribi Dinka Soudan an ak pankat nan men yo
|
Ni gouvènman santral la, ni Mouvman Liberasyon Pèp
Soudanè a, yo tou lè 2 reklame rejyon sa a, ki nan sant Soudan e ki
chaje ak petwòl. Plizyè fwa deja, gen lese-frape ant sòlda 2 kan yo,
depi siyati akò 2005 la. Gen pwoblèm ki vin prezante tou akòz yon
resansman nasyonal ki ta dwe founi enfòmasyon de baz pou jan yo pral
pataje pouvwa a e divize resous peyi a nan lavni.
Yon tribinal
abitraj nan La Oland gen pou li pwononse l’ sou dispit pwovens Abyei la
anvan lontan. Si tou 2 pati yo aksepte desizyon tribinal la, se ta va yon
kokenn pwogrè nan efò pou fikse lizyè enpòtan kap divize Nò ak Sid Soudan, e
sa ta fè wè, yon fwa ankò, ke pati yo
serye toutbon lè yo di yo vle mentni
stabilite peyi a e anpeche Soudan retounen nan yon konfli jeneralize. Alòs,
yo ta ka atake lòt dosye ki nan akò global 2005 la.
Lèzetazini rete prè pou
li bay kout-men pa li nan jefò sila a e li ankouraje tout sektè yo
chache aplike akò lapè a.