Prezidan ameriken Barack Obama kap bay prezidan Larisi a, Dmitri Medvedev, lanmen nan palè Kremlin an.
Prezidan Barack Obama lanse yon apèl bay sitwayen Larisi ak Etazini pou yo
patisipe nan travay pou fòje nouvo relasyon ant 2 peyi yo. Devan etidyan Nouvo Fakilte Ekonomi Moskou a,
Msye Obama te deklare tou dènyèman la a, "Nou se dènye jenerasyon ki pran
nesans pandan lemond te divize."
Prezidan ameriken an te ensiste sou le fèt ke rivalite
ant Etazini ak Larisi a dwe rete nan lepase. Li di: "Lamerik ta renmen wè yon
peyi Larisi ki fò, pezib e pwospè. Li swete mond ki vini apre Lagè Frèt la ta konsantre li sou
kolaborasyon olye de konpetisyon.
Msye Obama deklare: « Nan epòk nap viv la a, nan pwen chache pouvwa ankò
yon fason pou youn genyen e lòt la pèdi. Fòk pwogrè yo pataje. Se poutèt sa
m' mande yon relans tounèf nan relasyon Etazini ak Larisi. Se pa ta dwe senpman
yon nouvo derapman ant Kremlen an ak Lamezon Blanch, menmsi sa enpòtan. Fòk se
yon jèfò k'ap kontinye, ant pèp ameriken ak pèp ris la, pou yo idantifye enterè
yo pataje, epi ogmante dyalòg ak kooperasyon ki ka pare wout la pou
pwogrè. »
Nan kad efò sila a, toujou dapre Prezidan Barack Obama, dirijan ameriken ak
lidè ris yo deja franchi kèk pa sou wout yon kolaborasyon pou redui lasnal zam
nikleyè yo e mete sekirite sou tout materyo nikleyè ki poko sou kontwòl kòm
sadwa. Yo antann yo pou yo travay ansanm pou konbat ekstremis yo, e Larisi dakò
pou l'kite Etazini travèse teritwa li, pou transpòte pèsonèl ak ekipman militè
ki pral apiye twoup ameriken ak sòlda kowalisyon an ann Afghanistan.
Prezidan Obama siyale ke gen yon kokenn kapasite, yon gwo posiblite, pou
kooperasyon ak komès ogmante ant ameriken yo ak ris yo, e li envite sitwayen 2
peyi yo fè sèvo yo travay pou ede nan jefò sila a.
Prezidan Barack Obama ak Dimitri Medvedev te diskite sou dezi yo pou gen pi
plis kooperasyon pa sèlman ant 2 gouvènman yo, men tou ant 2 sosyete yo. «Nan
relasyon nou youn ak lòt, n'ap chache tou pou se respè lalwa ki gide nou,
ansanm ak respè dwa moun, epi tolerans pou opinyon diferan.» Deklarasyon lidè
ameriken an !
Prezidan Obama rekonèt menmsi gen bon jan kolaborasyon, pral gen dezakò nan
opinyon yo, sou kèk dosye trèzenpòtan. Pa egzanp, nou ka pa antann nou sou
kesyon tankou entegrite teritwa peyi Jeòji, epi admisyon Jeòji ak Ikrèn nan
L'OTAN. Malgre tou, nou ka chita pale
franchman sou dosye sa yo, men ak respè. Epitou, nou kapab toujou chache rezoud
dezakò nou yo nan lapè e yon fason pozitif.
Prezidan Obama te di gwoup etidyan sa yo nan
Moskou: « Nou dwe wè ke peryòd tranzisyon nou travèse a, ap debouche sou
yon epòk tou nèf, kote nasyon yo viv nan lapè youn ak lòt. Sa nan enterè
Etazini, e m'kwè li nan enterè Larisi tou. » Se konsa Prezidan ameriken an
te pale.