Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
By Lyonel Desmarattes Washington, DC 22-10-2009
Prezidan ameriken an, Barack Obama
Prezidan Lèzetazini an, Barack Obama, di li byen kapab
kanpe sou tout desizyon konsènan yon ogmantasyon efektif militè ameriken nan
Afganistan jous aprè dewoulman 2èm tou eleksyon an nan peyi sa a --2èm tou ki
fikse pou mwa pwochen an. Misye
Obama pale klè pou l di li rekonèt ke sitiyasyon an toujou frajil, toujou chaje
ak tansyon nan Afganistan. Lidè ameriken an pale konsa nan yon
entèvyou ak chèn televizyon NBC. Youn nan kesyon jounalis la te poze prezidan
an, se eske òganizasyon 2èm tou eleksyon an kapab oblije administrasyon n nan ranvwaye publikasyon yon estrateji
revize pou Afganistan. Misye Obama fè konnen –nap site: «Mwen panse li totalman
posib pou nou fin prepare estrateji a anvan moun konnen kilès ki ranpòte 2èm
tou eleksyon an. Men se posib tou pou n
pa fè okenn anons sou sa.»
Prezidan Obama kontinye pou l di jounalis NBC a li pa pral prese pran yon
desizyon anvan lè konsènan yon ogmantasyon efektif militè ameriken nan Afganistan;
li dispoze rete tann pou l pran desizyon ki korèk la sou kesyon an. Sitasyon :
«Nou ta
renmen asire nou tou ke nou pap fikse priyorite a sou resous, sou gwo prezans
militè, olye nou fikse l pito sou estrateji.»
Yon fason pou prezidan Obama di, pou sa ki konsènen sitiyasyon an nan
Afganistan, administrasyon n nan pa vle mete «la charue avant les bœufs». Sou
menm dosye a, lidè ameriken an resevwa yè mèkredi a yon rapò tou nèf nan men palmantè
John Kerry, prezidan Komisyon Afè Etranjè Sena a, ki fèk fè yon visit nan Afganistan.
Senatè John Kerry (foto achiv)
Pandan misye Kerry tap kite La Mezon Blanch, li pale ak laprès pou l di li
apiye desizyon misye Obama pran pou l rete tann rezilta 2èm tou eleksyon yo nan
Afganistan anvan li anonse pyès chanjman nan estrateji militè Lèzetazini nan
peyi sa a. Senatè Kerry di:
« Mwen panse bon sans sèlman fèt pou di prezidan an li pi bon pou l
tann 2 semèn ki rete pou eleksyon yo fin dewoule. 2 semèn, mezanmi, se pa anpil
tan pou w rete tann pou w konnen eske Afganistan ap genyen yon gouvènman ki
kapab travay avèk ou. »
Pandansetan, Oganizasyon Nasyon Zini fè konnen li pral revoke mwatye nan manm pèsonèl
li ki te patisipe nan òganizasyon premye tou a nan Afganistan --yon
premye tou "ki te chaje ak koken" daprè yon ankè l'ONU te òganize.