Kar de Final Chanpyona KONKAKAF la Fikse Pou 17 Novanm
By Jean Robert Philippe Washington DC 23-10-2009
[insert caption here]
Foutbòl/ KONKAKAF
Klub Onduryen Marathon ak klub Gwatemaltèk kalifye pou
kar de final Lig Chanpyon KONKAKAF la apre viktwa yo ranpòte Jedi 22 Oktòb
la. Marathon wouze klub Trinidadyen Jabloteh 4 a 2 epi Communicaciones kale
klub Meksiken Pumas 2 a 1.
8 kalifye yo se 4 klub Meksiken Pachucas, Toluca, Cruz
Azul ak Pumas. Lot klub yo se klub Panameyen Arabe Unido,klub ameriken Kolonbus Crews, Marathon de
Honduras epi Communicaciones de Gwatemala.
Tiraj osò a fikse pou
17 Novanm.
Foutbòl/Meksik
Federasyon foutbòl Meksiko anonse yap jwe 8 match chofe
jarèt avan yal patisipe nan koup du mond Afrik du Sud la. Jwè lokal yo ap
kòmanse antrene 12 Avril pou jwe 3 rankont yap jwe Ozetazini, youn O Meksik ak
3 lòt sou kontinan Eropeyen an. Dènye
match chofe jarèt la ap jwe an Afrik du Sud. Jwè kap evolye sou
kontinan Eropeyen an ap rejwenn seleksyo an nan fen sezon an. Responsab yo di yap seleksyone peyi pou jwe rankont la
aprè tiraj osò koup du mond la.
Foutbòl/ Eròp
Chanpyon antit
Lig Europeyen an klub Ukrenyen Shakhtar Donetsk wouze klub franse Toulouz ak
yon swif 4 a 0 yèJedi a. Benfika de
Lisbòn pilon-nen klub angle Everton 5 a 0.
Foutbòl/ Onyewu
Defansè ameriken Oguchi .Onyewu ap rete sou ban-d-touch la
pandan 6 mwa apre operasyon li subi pou repare ligaman nan pye goch li. Blesu a kapab mete an kesyon patisipasyon Onyewu nan koup
du mond Afrik du Sud la.
Je Zolenpik
Chèf polis Vancouver O
Kanada fè konnen libète la pawòl ap pwoteje pou moun ki vle pwoteste pandan
dewoulman je zolenpik dhivè yo an 2010. Kritik yo di lwa vil la vote sa pa gen
lontan pral limite dwa sitwauyen yo pou pwoteste epi pèmèt otorite yo antre nan
rezidans prive pou sezi pankat manifestan yo. Responsab la di manifestan yo lib
pou pwoteste tou pre enstalasyon olenpik yo pandan li di li ta renmen pou group
sugjere zòn yo ta renmen manifeste san yo pa deranje festivite konpetisyon an.
Baskètbòl / Etazini
Responsab NBA David
Stern di yoo kapab pèmèt milyonè Rus Michail Prokhorov achete 80 pou 100 aksyon
nan New Jersey Nets disi fen ane a. 75 pou 100 pwopriyetè Lig la dwe aprouve
demand la.
Tennis
Ansyen jwè tenis swedwa
Thomas Enqvist se nouvo kapitèn seleksyon koup Davis peyi a. Responsab yo
anonse nouvèl la yè Jedi 22 Oktòb la pou ranplase ansyen vedèt Mats Wilander.
Jwè tenis brezilyen Thomas Bellucci kalifye pou semi
final tounwa tenis Stockholm nan apre viktwa li ranpòte devan favori lokal la
Joachim Johansson 7-6, 6-3. Belj
Olivier Rochus kalifye pou semi final la tou apre li kapote Findlandè Jarkko
Nieminen 6-3, 2-6, 6-1. 2 msye yo ap rankontre pou yon plas nan final la.
Bèlj Yanina Wickmayer
kalifye pou semi final tounwa tenis Open Luksambourg la gras ak yon viktwa li
ranpòte devan devan konpatriòt li Kirsten Flipkens 7-6, 4-6,6-1.
Nan vil Moskou Sèb Jelena Jankovic tonbe fas anba devan
Rus Alisa Kleybanova 6-4, 6-3 nan tounwa tenis Kremlen an.