VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

30 Oktòb 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak


27-10-2009
White cross contrasts with autumn leaves in the woods
Depi fèy bwa ap chanje koulè e koumanse tonbe, konnen sezon fredi a ap antre
Apre yon bèl gabèl, yon bèl lalad, tanperati a koumanse ap chanje bò isit la. Depi dezoutwa jou, genyen yon tan frèt kap fè’n siyon, genyen yon van frèt kap vante, kap soufle e bagay sa a pa fè’m plezi menm.
Mo frèt la, se pa yon mo, mwen renmen ditou, ditou. Pou divès rezon, dayè !

Nan peyi mwen, nou asosye frèt ak lanmò. Wouy, pa manyen m' ak men frèt ou a ! Men pitit la frèt, ou pa ta di men mò !

Yo, rele simityè ak tonm kote yo antre mò yo:“sejou lè mò”. E nan kwayans popilè a, se yon
The shear face of massive B-15A iceberg stretches for 150 kms across McMurdo Sound after it broke off Ross Ice Shelf in Antartica, (2001 photo)
 Yon kokenn mas glas yo rele "Iceberg" ki te detache an 2001 nan rejyon Antartique la. Li mezire 150 kilomèt.
kote ki frèt anpil. Zòt di tou, frèt pase nen chen ! Plus froid que le nez (le museau) d'un chien. Plus froid que de la glace: frèt pase glas !

Le séjour des morts, la descente aux enfers, an franse" (1). Sepandan, frèt, pa toujou asosye ak fredi. Wi, pafwa yo asosye frèt ak kalm ou ak endiferans. Ekzanp, lari a, frèt maten an ! konprann genyen yon kalm, pa genyen gwo aktivite kap dewoule. Lari a trankil---ki pa finn yon twò move bagay, an pasan.

Trankil, mwen sòt site la a, nou rankontre l' nan ekspresyon sa a:kijan Jeannine frèt konsa a aswè a ? Siman, se dwe paske manman l' pati a !

Ou ankò nan ekspresyon sa a: sa k' fè ou cho a, la fè ou frèt... Kidonk, lap fè’w rete kò ou dousman, rete kò ou trankil. Sa a tou, se yon bon bagay, paske papa’m toujou di "ret trankil, se remèd kò".

"Kite manje a, frèt anvan ou manje l' ! se yon rekòmandasyon ou fè ou yon lòd ou pase pou di moun nan kite manje a refwadi pou’l pa boule bouch li... malgre gen moun ki pa manje anyen frèt.

A table set with a Super Suppers dinner and a glass of wine

Pa manje anyen frèt
, se kapab yon moun ki renmen manje cho, sètadi, ki gen anpil epis, anpil piman. Men tout se kapab yon moun ki pa pè akwochay, ki pa pè chalè. Se san doute pou sa gen yon ekspresyon kreyòl nan peyi Dayiti ki di: mwen se kiyè bwa, mwen pa pè chalè !

Nan peyi m', sou bitasyon grann mwen, genyen yon tè nan rejyon Pennsik (pain-de-sucre), peyizan yo pa renmen ditou.  Yo di: li se yon vye tè frèt.

Yon tè frèt, mezanmi, se yon tè ki pa pwodui anpil, ki pa bay anpil randman lè ou plante jaden ou ladan. Si ou vle jaden ou donnen, se plante’l nan "tè cho". Tè frèt bon pou plante kafe.

Frèt tou kapab asosye ak lafyèv. Ekzanp: depi m' maten, Maryse ap plenyen ak yon san frèt, siman se yon vye lafyèv frison kap boulvèse li.

Epitou, genyen frèt ak.

Frèt ak se yon atitud, yon konpòtman yon moun genyen vizavi ou.

Lè ou remake sa, ou mèt konnen, siman ou dwe di ou fè moun ki frèt avèk ou a kichoy ki pa fè l' plezi. Gen kote yo rele sa “ make fwadè". "Sa fè 3 jou, mennaj mwen frèt nèt avè’m, mwen pa konnen sa’m fè l' ! 

Doudou, di’m pouki ou frèt avè’m konsa a, non cheri ? (konprann: poukisa ou endiferan konsa a avèk mwen?)

"A a a, fi sa a, se yon kout dlo cho, yon kout dlo frèt ! Sa ki vle di, se yon lè li sou bò ou e yon lòt lè li pa sou bò ou."

Closing: Se te Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann, yon segman Lavwadlamerik avèk Jacques Jean-Baptiste.

jbjacque@voanews.com


Download Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, fredi, frèt ak...
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, fredi, frèt ak...
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl
Yon Seminè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik Sou Lasante Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale...Koulè, Chanje koulè, Fè Pran Koulè, Tikoulè  Audio Clip Available
Nan Afganistan, Hamid Karzai Prete Sèman kòm Lidè Peyi a pou yon Lòt Manda 5 An
Washington Avèti Fòk Koripsyon Kaba Nan Afghanistan  Audio Clip Available
Inyon Ewòp la ak Etazini Pa Apiye Lide Deklarasyon Yon Eta Palestinyen San Konsantman Izrayèl  Audio Clip Available
Yon Somè Mondyal Nasyonzini Sou Alimantasyon  Nan Vil Rome
Ayiti Eleksyon: Enskripsyon Pati Politik yo Kòmanse  Audio Clip Available
Lidè Mondyal Yo Lanse Apèl Anfavè Plis Kooperasyon Nan Somè APEC la  Audio Clip Available
Pwochen Reinyon Bayèd'Fon Entènasyonal yo Sou Ayiti Nan Washington, DC  Audio Clip Available
Nouvo Gouvènman Jean-Max Bellerive la Jwenn supò Prensipal Peyi Zanmi Ayiti yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Dyabèt  Audio Clip Available
Jean-Max Bellerive Ofisyèlman Premye Minis Ayisyen  Audio Clip Available
Depite yo Dakò pou Ratifye Politik Jeneral Nouvo Premye Minis Ayisyen an  Audio Clip Available
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye a, Jean Max Bellerive.
Premye Minis Ratifye Jn-Max Bellerive Prezante Politik Jeneral li Devan Sena Ayisyen an  Audio Clip Available
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kansè Nan Sen  Audio Clip Available
Konvansyon Pati Politik yo Rejte Fòmasyon Nouvo CEP a  Audio Clip Available
Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a  Audio Clip Available
139 Milyon Dola Asistans Pou Ayiti ak Bolivi  Audio Clip Available
Yon Depite Repibliken mande Stati Pwoteksyon Tanporè Pou Ayisyen Ilegal yo Ozetazini  Audio Clip Available