VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

01 Novanm 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan


01-11-2009

Kandida afghan alaprezidans Abdullah Abdullah anonse li pap patisipe nan dezyèm tou
Abdullah Abdullah (File photo)
Abdullah Abdullah (Foto achiv)
eleksyon 7 novanm nan anfas prezidan Hamid Karzai. Li akize gouvènman an deske li pa satisfè demann li fè pou asire onètete vòt la.

Abdullah di li retire kò li nan kous la pou pwoteste kont sa li rele "move konduit gouvènman an ak Komisyon Elektoral Endepandan an".

Ansyen minis afè etranjè Afghanistan an te bay prezidan Karzai jiska samdi 31 oktòb pou l' revoke prezidan Komisyon Elektoral la pou evite yon repitisyon gwo magouy ki te fèt nan eleksyon 20 out 2009 la.

Dat sa a pase san prezidan Karzai pa pran okenn mezi.

Apre anons li kite konpetisyon an dimanch premye novanm nan, Abdullah ekzòte patizan li yo pa pran lari e pou yo pa chagren akò desizyon sa a, li di ki se yon desizyon difisil. E li ajoute "Pou koumanse, se pa yon anviwonman demokratik. Men an menm tan, se yon desizyon pou yon bon kòz. Se pou avni pwochen jenerasyon peyi sa a".

Waheed Omar, yon pòtpawòl kanpay prezidan Karzai la, di li kwè eleksyon an fè pati dwa pèp afghan an.

"Retrè a se chwa pèsonèl Doktè Abdullah. Li pa dwe afekte tout pwosesis la".
Pòtpawòl Nasyonzini nan Afghanistan an, Aleem Siddique, di Lavwad'lamerik desizyon Abdullah a se te yon desizyon difisil. Li felisite kandida a pou jan li konpòte li pandan tout kanpay la e li di se otorite afghan yo kounye a ki dwe detèmine pwochen etap la.

"Nou dwe rete tann pou 'n tande sa enstitisyon legal afghan yo gen pou di--Komisyon Elektoral Endepandan an ak Kousiprèm nan--pou yo pwononse yo sou pwochen etap yo".

Otorite elektoral afghan an di, dapre konstitisyon peyi a, pwosesis elektoral la dwe kontinye. Yon pòtpawòl Komisyon Elektoral la, Waheed Omar, di Lavwad'lamerik Abdullah kite dat limit pou l' te retire kò li nan konpetisyon an pase.



E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl
Yon Seminè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik Sou Lasante Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale...Koulè, Chanje koulè, Fè Pran Koulè, Tikoulè  Audio Clip Available
Nan Afganistan, Hamid Karzai Prete Sèman kòm Lidè Peyi a pou yon Lòt Manda 5 An
Washington Avèti Fòk Koripsyon Kaba Nan Afghanistan  Audio Clip Available
Inyon Ewòp la ak Etazini Pa Apiye Lide Deklarasyon Yon Eta Palestinyen San Konsantman Izrayèl  Audio Clip Available
Yon Somè Mondyal Nasyonzini Sou Alimantasyon  Nan Vil Rome
Ayiti Eleksyon: Enskripsyon Pati Politik yo Kòmanse  Audio Clip Available
Lidè Mondyal Yo Lanse Apèl Anfavè Plis Kooperasyon Nan Somè APEC la  Audio Clip Available
Pwochen Reinyon Bayèd'Fon Entènasyonal yo Sou Ayiti Nan Washington, DC  Audio Clip Available
Nouvo Gouvènman Jean-Max Bellerive la Jwenn supò Prensipal Peyi Zanmi Ayiti yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Dyabèt  Audio Clip Available
Jean-Max Bellerive Ofisyèlman Premye Minis Ayisyen  Audio Clip Available
Depite yo Dakò pou Ratifye Politik Jeneral Nouvo Premye Minis Ayisyen an  Audio Clip Available
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye a, Jean Max Bellerive.
Premye Minis Ratifye Jn-Max Bellerive Prezante Politik Jeneral li Devan Sena Ayisyen an  Audio Clip Available
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kansè Nan Sen  Audio Clip Available
Konvansyon Pati Politik yo Rejte Fòmasyon Nouvo CEP a  Audio Clip Available
Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a  Audio Clip Available
139 Milyon Dola Asistans Pou Ayiti ak Bolivi  Audio Clip Available
Yon Depite Repibliken mande Stati Pwoteksyon Tanporè Pou Ayisyen Ilegal yo Ozetazini  Audio Clip Available