VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

04 Novanm 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa


03-11-2009

The bride and groom in the back of a limo, heading to their wedding ceremony
2 pwochen lamarye ak lemarye nan yon limouzin a limo kap pare pou ya'l pwononse ve maryaj yo
Anpil moun toujou reve yon jou yo va rankontre ak kretyen-vivan yo pral fè vi yo avèk li a. Nan ka mesye yo, dam yo pral marye ak li a e nan ka medam yo, nèg yo pral pase kòd nan kou l' la.

Eskize’m, mesyedam Lasosyete si’m anplwaye yon ekspresyon "macho" ki ta vle fè konprann kòmkwa lè yon fi antre legliz ak yon gason, se yon kòd li pase nan tèt nèg la, kòmkidire se yon bèt li pral mennen labatwa. Non, mwen pa panse sa e mwen di’n li "la pou la".

Antre legliz, pase kòd nan tèt, se 2 fason nan lang kreyòl ayisyen an nou kapab di 2 kretyen-vivan pral marye “ding, deng, dong”.

Maryaj, se yon inyon ant 2 moun ki damou e ki vle pase vi yo ansanm, an jeneral ant yon fi ak yon gason. Mo sa a sòti nan vèb franse: marier, se marier.

Kèk jou anvan maryaj yo, 2 fiyanse yo pibliye Ban. Siman nou abitye tande ekspreson sa a. Sepandan, map di’n kareman se pa ban andedan legliz la pè a pral pibliye, ni vann alakriye piblik.

Piblye ban, se senpleman yon anons ki fèt nan nivo legliz la pou anonse pawasyen ak fidèl yo genyen 2 jèn-jan nan kominote a ki deside marye nan legliz la e maryaj la ap fèt tèl ou tèl dat. Se tout!Elizabeth, ou pa tande nouvèl, pitit ?

Ki nouvèl sa a, kase moso ban mwen, non, monchè ! Mwen aprann Natacha ak Stanley pral marye. Yo menm deja pibliye ban !

Pibliye ban vle di: anons lan deja fèt nan nivo legliz la. “L'Église a publié les bans (ban sa a ekri au pluriel b.a.n.s) e an jeneral se nan papòt legliz la, nan pòt d’entrée, yo afiche anons la. "Les bans de mariage sont affichés à la porte de l'Église".  

Anvan, 2 moun marye legliz, devan lasosyete, yo marye sivil (ou pase ak sivil); sètadi ale devan yon pèsonalite ki reprezante Leta (nan ka sa a officier d’état civil la) pou li marye yo. Se yon akt Ofisyèl !

An jeneral, mesyedam yo bezwen yon “bag maryaj”
A model shows off a fancy blue diamond ring during a preview in Hong Kong, 08 Oct 2007

ki pral senbolize inyon yo a e apre yo va genyen pou ya l’ beni bag la (alliance, an franse) nan maryaj legliz la, si ap gen seremoni legliz paske se pa tout moun ki al marye legliz. Men, sèten granmoun nan peyi Dayiti rele maryaj sa a:plasay onèt (concubinage) ou ankò maryaj sivil antere-vèbal, kòmkidire yon vye maryaj, yon maryaj tèt-chat.

Nan lang kreyòl la, genyen plizyè lòt ekspresyon ki mache ak mo maryaj la. Genyen maryaj Biznis ou ankò maryaj rezidans. Maryaj sa yo, se inyon ant 2 moun ki pa genyen okenn rapò avèk lanmou.

Se yon maryaj kote yon elman (fi ou gason) kapab peye kòb pou’l marye ak yon lòt ki rezide legalman nan yon peyi etranje swa Ozetazini, O Kanada ou an Frans, elatriye. pou’l kapab vwayaje ak rezidans.

Yo ka rele maryaj sa yo tou: maryaj-viza, maryaj-bouss ou maryaj-enterè. Men marye pafwa nan lang kreyòl ayisyen an konn pa gen okenn rapò ak seremoni maryaj ant 2 moun ki damou, menm lè li sòti nan vèb marye. Pa ekzanp, amatè jwèt bòlet yo konn marye 2 boul: 200 ak 002; 151 ak 276. Si yo tou 2 sòti lò tiraj lotri a, jwè a double e menm triple lajan li te mize a, e lè konsa yo di li sòti, li genyen nan "maryaj".

Yon lòt ekzanp, nan kanaval ak rara nan peyi Dayiti, lè yon jèn-jan rankontre ak yon jèn fi nan anbyans sa a e yo tonbe ansanm, kole-sere: zòt di yo marye pou 10.

Mwen konnen semèn sa a, nan peyi Dayiti, Gen zòt ki pral marye ak mistè:Èzili, Dambala ou ak Papa Gede (1), konprann yon pral pase yon pakt ak lwa, ak mistè sa yo pou yo sèvi pou yo lavi diran.

Men si m' rete mwen di n' ponyèt ak zam marye nan lari Pòtoprens… konprann se afwontman, batay kout-pwen ak kout fizi kap tire kote pwobableman san koule e moun pèdi lavi yo.

(1) Ezili, Dambala, Brav Gede, se lwa nan relijyon vodou a.

jbjacque@voanews.com


Download Kreyòl-Pale Edisyon 3 novanm 2009
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Kreyòl-Pale Edisyon 3 novanm 2009
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl
Yon Seminè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik Sou Lasante Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale...Koulè, Chanje koulè, Fè Pran Koulè, Tikoulè  Audio Clip Available
Nan Afganistan, Hamid Karzai Prete Sèman kòm Lidè Peyi a pou yon Lòt Manda 5 An
Washington Avèti Fòk Koripsyon Kaba Nan Afghanistan  Audio Clip Available
Inyon Ewòp la ak Etazini Pa Apiye Lide Deklarasyon Yon Eta Palestinyen San Konsantman Izrayèl  Audio Clip Available
Yon Somè Mondyal Nasyonzini Sou Alimantasyon  Nan Vil Rome
Ayiti Eleksyon: Enskripsyon Pati Politik yo Kòmanse  Audio Clip Available
Lidè Mondyal Yo Lanse Apèl Anfavè Plis Kooperasyon Nan Somè APEC la  Audio Clip Available
Pwochen Reinyon Bayèd'Fon Entènasyonal yo Sou Ayiti Nan Washington, DC  Audio Clip Available
Nouvo Gouvènman Jean-Max Bellerive la Jwenn supò Prensipal Peyi Zanmi Ayiti yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Dyabèt  Audio Clip Available
Jean-Max Bellerive Ofisyèlman Premye Minis Ayisyen  Audio Clip Available
Depite yo Dakò pou Ratifye Politik Jeneral Nouvo Premye Minis Ayisyen an  Audio Clip Available
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye a, Jean Max Bellerive.
Premye Minis Ratifye Jn-Max Bellerive Prezante Politik Jeneral li Devan Sena Ayisyen an  Audio Clip Available
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kansè Nan Sen  Audio Clip Available
Konvansyon Pati Politik yo Rejte Fòmasyon Nouvo CEP a  Audio Clip Available
Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a  Audio Clip Available
139 Milyon Dola Asistans Pou Ayiti ak Bolivi  Audio Clip Available
Yon Depite Repibliken mande Stati Pwoteksyon Tanporè Pou Ayisyen Ilegal yo Ozetazini  Audio Clip Available