VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

07 Novanm 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese


06-11-2009



Sgt. Anthony Sills and his wife outside the Fort Hood Army Base near Killeen, Texas, 05 Nov 2009
Sèjan. Anthony Sills ak madanm li devan baz Fort Hood, Tekzas, 05 Nov 2009
Yon ofisye lame amerikèn nan, e petèt 2 konplis li, louvri kout-zam nan yon gwo baz militè jedi apre midi nan Eta Tekzas e pran lavi omwen 13 moun e blese 30 lòt. Otorite yo nan Tekzas idantifye sispèk ki komèt zak sa a kòm Majò Nidal Malik Hasan.

Kòmandan Fort Hood la, Lyetnan-Jeneral Bob Cone, di ofisye a te tonbe tire nan yon batiman kote sòlda ap fè dènye preparasyon pou yo ale swa nan Irak ou nan Afghanistan. Jenral la fè konnen sispèk la te genyen 2 "revolvè" e se posib ke l' te genyen 2 konplis ak li.

Jeneral Cone presize asayan an "mouri nan atak la" e misye se yon sòlda ameriken. Li di "Nou poze-men sou 2 lòt sòlda nou sispèk ki te patisipe nan aksyon an".

Men nouvèl ki tonbe vè 03:30gmt (10 zè edmi diswa, lè Washington) fè konnen Hasan senpleman blese e li anba men otorite yo pandan lap resevwa swen nan lopital. Nidal Malik Hasan se yon ameriken-jòdanyen, yon medsen-sikyat nan lame a e yon mizilman.


Jeneral Cone endike, dapre plizyè temwen 2 lòt sòlda te tire kout zam tou epi yo kouri, men fòs sekirite jwenn yo andedan yon kay ki toupre lokal ensidan an. Kòmandan Cone kalifye zak la kòm yon "terib ensidan e yon trajedi ki choke lespri moun".

Otorite and obsèvatè yo sezi ke nonm ki komèt zak sa a se yon militè. Grad Majò se katriyèm
Major Nidal Malik Hasan (undated photo)
Majò Nidal Malik Hasan (Foto a pa gen dat)
nan yerachi lame a ki genyen 10. Nouvèl yo di Hasan preske genyen 40 tan.


Responsab yo pa di ki rezon ou motif ki pouse misye poze zak sa a. Atache laprès Depatman Defans Etazini an, Pentagòn nan, Geoff Morrell, di li twò bonè pou eseye eksplike ki motif ki pouse Hasan komèt aksyon sa a. "Mwen pa konnen kòman kèlkeswa moun nan ka fè spekilasyon sou motif, lè'm konsidre tikras detay nou genyen yo".
Fort Hood se youn nan pi gwo baz lame amerik nan nan lemond. Apeprè 30.000 sòlda ak sivil ap travay ladan, san bliye plizyè milye fanmi sòlda ki abite nan baz la. Anplis moun sa yo, genyen 30 mil sòlda ki sòti nan Fort Hood ki aktyèlman an misyon aletranje.

Militè li yo sèvi plizyè fwa deja nan Irak ak nan Afghanistan, sa ki fè sèten moun ap mande eske se pa "stress" apre misyon sa yo ki alabaz fiziyad la--yon pwen otorite yo pa ni konfime ni demanti.

Geoff Morrell fè konnen li enfòme minis defans lan, Robert Gates, tousuit sou ensidan trajik la e li te pale tou ak sekretè prezidan Barack Obama a.


Deklarasyon Prezidan Obama sou fiziyad Ft. Hood la--gade (WM) video clip (ann angle)

Deklarasyon Prezidan Obama kap pale sou fiziyad Ft. Hood la--telechaje (WM)



E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl
Yon Seminè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik Sou Lasante Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale...Koulè, Chanje koulè, Fè Pran Koulè, Tikoulè  Audio Clip Available
Nan Afganistan, Hamid Karzai Prete Sèman kòm Lidè Peyi a pou yon Lòt Manda 5 An
Washington Avèti Fòk Koripsyon Kaba Nan Afghanistan  Audio Clip Available
Inyon Ewòp la ak Etazini Pa Apiye Lide Deklarasyon Yon Eta Palestinyen San Konsantman Izrayèl  Audio Clip Available
Yon Somè Mondyal Nasyonzini Sou Alimantasyon  Nan Vil Rome
Ayiti Eleksyon: Enskripsyon Pati Politik yo Kòmanse  Audio Clip Available
Lidè Mondyal Yo Lanse Apèl Anfavè Plis Kooperasyon Nan Somè APEC la  Audio Clip Available
Pwochen Reinyon Bayèd'Fon Entènasyonal yo Sou Ayiti Nan Washington, DC  Audio Clip Available
Nouvo Gouvènman Jean-Max Bellerive la Jwenn supò Prensipal Peyi Zanmi Ayiti yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Dyabèt  Audio Clip Available
Jean-Max Bellerive Ofisyèlman Premye Minis Ayisyen  Audio Clip Available
Depite yo Dakò pou Ratifye Politik Jeneral Nouvo Premye Minis Ayisyen an  Audio Clip Available
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye a, Jean Max Bellerive.
Premye Minis Ratifye Jn-Max Bellerive Prezante Politik Jeneral li Devan Sena Ayisyen an  Audio Clip Available
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kansè Nan Sen  Audio Clip Available
Konvansyon Pati Politik yo Rejte Fòmasyon Nouvo CEP a  Audio Clip Available
Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a  Audio Clip Available
139 Milyon Dola Asistans Pou Ayiti ak Bolivi  Audio Clip Available
Yon Depite Repibliken mande Stati Pwoteksyon Tanporè Pou Ayisyen Ilegal yo Ozetazini  Audio Clip Available