Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye a, Jean Max Bellerive.
By Lyonel Desmarattes Washington, DC 10-11-2009
Avèk yon vòt 22 "wi" nan yon seyans kote 27 manm te prezan, Sena Ayisyen
an apwouve byen ta yè lendi a, deklarasyon politik jeneral Premye Minis ratifye
a, Jean Max Bellerive. Senatè ki vote "kont" deklarasyon politik jeneral la se : Jean Hector Anacassis
(Pati Lespwa, donk pati ki sou pouvwa a), Maxime Roumer (Lespwa), Edmonde Supplice
Beauzile (FUSION), tandiske senatè Jean
William Jeanty (KONBA) fè abstansyon, donk li pa vote ditou. Nan mesaj misye
Bellerive mete devan senatè yo nan kad detay li bay sou pwogram politik nouvo gouvènman
an, pami domèn priyoritè li site yo genyen: kreyasyon nouvo dyòb, enves-tisman,
edikasyon, pwoteksyon anviwonnman an avèk pwodiksyon nasyonal la, avèk yon
aksan espesyal sou pwodiksyon agrikòl. Premye Minis deziye a genyen pou prezante tou devan
Chanm Depite a pi ta jodi madi-a, pou l detaye pwogram gouvènmantal li menm jan
li fè sa yè lendi a devan Sena-a. Li va tounen chèf gouvènman ofisyèlman, nan
plas Madam Michelle D. Pierre-Louis, si Chanm Bas la apwouve pwogram sa a.
Reyaksyon sou Fòmasyon Nouvo
Gouvènman an ann Ayiti:
1).- Nan sid peyi Dayiti, yon lidè Legliz Katolik,
Reveran Pè Alfred Bernard, dirijan Pawas Sen Jan di Sid, lanse apèl bay dirijan
ki pral monte sou pouvwa a pou l mande yo vini ak bon jan pwogram ki kapab rezoud pwoblèm difisil pèp la
ap konfwonte. Nan mesaj Pè Bèna mete
devan fidèl yo semenn sa a, li di lè a rive pou Ayisyen sispann pèdi tan.
2).- Anfen, yon gwoup kap defann dwamoun nan eta Massachusetts,
isit o Zetazini (The New England Human Rights) fè konnen li jwenn satisfaksyon
nan fòmasyon govènman Premye Minis deziye a anonse a. Josué Renaud, ki pale
nan non gwoup la, di nominasyon ki ba yo plis satisfaksyon an se chwa Reveran
Edwin Paraison pou pòs Minis Ayisyen kap viv a Letranje yo.
Pou plis detay sou vòt ki fèt nan sena ayisyen an yè
lendi 9 novanm nan, klike sou lyen ki anlè a, adwat, pou w koute Enfòmasyon an
Gwo Plan avèk Jean Robert Philippe.