Lavwadlamerik ▪ Creole

Tèks
Rechèch


 

Patizan Lavalas Atake Moun Alyans la nan Okap


10-10-2005
Repòtaj sou Eleksyon Ayiti yo--Telechaje audio clip
Koute Repòtaj sou Eleksyon Ayiti yo audio clip

Kanpay elektoral la demare ofisyèlman nan peyi d Ayiti e plizyè pami kandida KEP a apwouve yo deja ap siyone pwovens la ak kapital la pou fè mesaj yo pase.

115 promo box, pb, politics, vote, election
Nan dezyèm vil peyi a, Okap Ayisyen, Evans Paul, ki se lidè Alyans Demokratik la te reafime ke gwoup li a kont vyolans e li mande sivilite nan kanpay la. Msye Paul te pale konsa nan moman yon gwoup patizan ansyen pouvwa Lavalas la te eseye atake moun ki te soti nan meeting Alyans la.

Pami lòt kandida ki te lanse kanpay yo nan weekend nan, genyen ansyen Prezidan Lesly Manigat ki te Okay, Charlito Baker ki te Pòtoprens, Danny Toussaint ki te pale nan katye Solino, tandiske Samir Mourra ak Rigaud Duplan te fè remake yo atravè kapital la tou nan kòtèj machin oubyen nan rankont ak patizan yo.

Pou plis detay, koute repòtaj korespondan nou yo. Klike sou ralonj ki anlè paj la.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl