Lavwadlamerik ▪ Creole

Tèks
Rechèch


 

OEA: Eleksyon Nan Fen Ane a Nan Ayiti!


27-10-2005
Prensipal Nouvèl Maten 27 Oktòb la--telechaje audio clip
Koute Prensipal Nouvèl Maten 27 Oktòb la audio clip

Official OAS logo
Sekretè-Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken di OEA kontinye apiye efò pou ranfòse sekirite, jistis ak dwa moun nan peyi d Ayiti. Miguel Insulza fè deklarasyon sa a mèkredi apre-midi nan syèj Òganizasyon rejyonal la, isit Washington, kote li tap prezante yon rapò sou pwogrè ki fèt an n Ayiti pandan 3 dènye mwa yo e souliyen ki defi ki rete pou peyi a simonte anvan eleksyon jeneral yo.

Sekretè Jeneral Insulza di reprezantan 34 peyi manm OEA yo “kanpay enskripsyon an” --ke Òganizasyon li a apiye-- se te yon gwo siksè... e li pèmèt 3 milyon 400 mil moun ki gen laj pou ekzèse dwa sitwayen yo pran kat elektè yo. Msye Insulza deklare:“sa vle di gen kounye a yon systèm an plas pou òganizasyon eleksyon yo. Sepandan, li eksprime kè-sote li devan difikilte òganizasyonèl e lojistik ki rete toujou e ki pouse responsab ayisyen yo ranvwaye dat eleksyon yo. “Preokipasyon kominote entènasyonal la, dapre msye Insulza, se asire l' ke eleksyon yo dewoule nan dat yo sipoze dewoule a, nan premye semèn mwa Desanm nan.

Pandansetan, nan Latibonit, patizan Dumarsais M. Siméus pran lari pou selebre desizyon KEP a pran pou li remete non kandida Pont-Sondé a sou lis moun ki dèyè plas Prezidan Repiblik la. Sepandan, tankou nou konnen l' deja, yon komisyon gouvènman Latortue a mete sou pye apre Lakou Kasasyon te pwononse l' anfavè Siméus gen pou li bay dènye mo a, apre li va fin analize dosye nasyonalite kandida yo.

Apil ekspè raple tou ke li nesesè pou yo respekte TOUT Dekrè Elektoral la, san bliye atik 21 a ki mande pou yon moun pa gen nasyonalite etranje si li vle vote nan eleksyon yo. Kesyon an: Eske gouvènman Latortue a avèk KEP a ap aplike atik sa a epi verifye nasyonalite 3-milyon-edmi moun ki enskri pou y'al vote yo? Yon travay ki, omwen, trè, trè difisil.

Fè klik sou ralonj ki anlè paj la pou w ka tande prensipal nouvèl Ayiti pou maten 27 oktòb la.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal
Prezidan Ameriken an Lanse Yon Nouvo Pwogram Sou Edikasyon  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Deba Ap Kontinye pami Manm Kongrè Ameriken an sou Estrateji Militè Lèzetazini nan Afganistan
Ayiti-Eleksyon: Delè Pou Enskripsyon Pati yo Prèske Bout  Audio Clip Available
Inogirasyon Boulva Ameriken Yo Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Pwolongasyon Delè Enskripsyon Pati Politik Ki Pral' Nan Pwochen Eleksyon Yo  Audio Clip Available
Yon Seminè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik Sou Lasante Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale...Koulè, Chanje koulè, Fè Pran Koulè, Tikoulè  Audio Clip Available
Nan Afganistan, Hamid Karzai Prete Sèman kòm Lidè Peyi a pou yon Lòt Manda 5 An
Washington Avèti Fòk Koripsyon Kaba Nan Afghanistan  Audio Clip Available
Inyon Ewòp la ak Etazini Pa Apiye Lide Deklarasyon Yon Eta Palestinyen San Konsantman Izrayèl  Audio Clip Available
Yon Somè Mondyal Nasyonzini Sou Alimantasyon  Nan Vil Rome
Ayiti Eleksyon: Enskripsyon Pati Politik yo Kòmanse  Audio Clip Available
Lidè Mondyal Yo Lanse Apèl Anfavè Plis Kooperasyon Nan Somè APEC la  Audio Clip Available
Pwochen Reinyon Bayèd'Fon Entènasyonal yo Sou Ayiti Nan Washington, DC  Audio Clip Available
Nouvo Gouvènman Jean-Max Bellerive la Jwenn supò Prensipal Peyi Zanmi Ayiti yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Dyabèt  Audio Clip Available
Jean-Max Bellerive Ofisyèlman Premye Minis Ayisyen  Audio Clip Available
Depite yo Dakò pou Ratifye Politik Jeneral Nouvo Premye Minis Ayisyen an  Audio Clip Available
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye a, Jean Max Bellerive.
Premye Minis Ratifye Jn-Max Bellerive Prezante Politik Jeneral li Devan Sena Ayisyen an  Audio Clip Available
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a