Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Prensipal Lidè Opozisyon Zimbabwe a, Morgan Tsvangirai, Pran Anbasad Nan Harare


23-06-2008

Chèf opozisyon zimbabweyen an, Morgan Tsvangirai, pran anbasad lendi 23 jen an nan misyon
Movement for Democratic Change (MDC) President Morgan Tsvangirai, center, speaks to the press, 19 Jun 2008
Lidè Movement Pou Chanjman Demokratik la (MDC) Morgan Tsvangirai--msye ki ak levit ble a--ki tap pale ak laprès, 19 Jen 2008 la
diplomatik La Oland lan, nan vil Harare, kapital Zimbabwe, yon jou apre li anonse li pap patisipe nan dezyèm tou eleksyon prezidansyèl 27 jen an.

Yon pòtpawòl ministè afè etranjè olandè a, Bart Rijs, fè laprès konnen Morgan Tsvangirai, 56 zan, antre nan anbasad olandèz la (Pays-Bas) nan Harare.

"li pwovizwaman nan anbasad Pays-Bas a nan Harare. Pati li a, MDC, fè demann nan yè nan non li, e minis afè etranjè a, Maxime Verhagen, deside lap bay msye Tsvangirai sekirite si l' bezwen  sekirite", dapre msye Rijs.

Otorite olandè yo nan Amsterdam konfime chèf opozisyon zimbabweyen Morgan Tsvangirai pran azil nan anbasad olandè a nan Harare, men nan yon entèviou li bay Stidyo 7 Lavwad'lamerik lendi, Mr. Tsvangirai refize di ki kote li kache, pou rezon sekirite.

Lidè prensipal pati opozisyon zimbabweyen an, Mouvman pou chanjman demokratik la (MDC), sepandan di li pre pou l' negosyie avèk rejim Mugabe a si li mete yon pwen final nan vyolans kap sakaje Zimbabwe depi eleksyon konteste
Anbasad Peyi-Ba a nan Harare
Anbasad Peyi-Ba a nan Harare
 29 mas 2008 la e ki pase (vyolans lan) yon vitès siperyè semèn pase a.

Msye Tsvangirai deklare sou yon radyo nan Afrik Di Sid "nou pare pou n' negosye avèk pati Zanu-PF (Inyon Nasyonal afriken Zimbabwe-Fwon patriyotik) men a kondisyon li mete fen nan vyolans yo".

M. Tsvangirai te anonse dimanche ke l' pa pra l' nan dezyèm tou eleksyon prezidansyèl la ki dwe dewoule vandredi kap vin la avèk prezidan Robert Mugabe ki gen 84 an. Yon desizyon ki louvri pòt pou msye Mugabe konsève pouvwa a, men ki wetire tou  tout lejitimite eleksyon an. Antretan, Premye Minis britanik la, Gordon Brown, di Palman an gouvènman li an pa rekonèt ankò gouvènman prezidan Robert Mugabe a. Msye Brown ajoute Grande Bretagne ap travay ak kominote entènasyonal la pou yo mete presyon sou Zimbabwe. 

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Ouvèti Konferans Kooperasyon Desantralize a nan Montrouis  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Nan Somè G-8 la, Ann Itali, Lidè yo Pwomèt yon sòm 15 Milya Dola pou Konbat Grangou nan Lemond
Somè G-8 la Tanmen Nan Peyi Itali  Audio Clip Available
Prezidan René Préval ak Ansyen Prezidan Bill Clinton Vizite Gonayiv ak Site Solèy
Prezidan Obama --k ap vizite Larisi depi Lendi --Mande pou gen Pi Bon Rapò ant Washington ak Moskou
Bill Clinton Tanmen Premye Vizit li Ann Ayiti Kòm Anvwaye Espesyal L'ONU  Audio Clip Available
Vyolans Nan Honduras Pandan Pèp la Ap Tann Retou Prezidan Zelaya
Yon Dezyèm Kouwòn Nan Wimbledon Pou Serena Williams Apre Final Tennis Doub Medam yo
Tennis: Yon Twazyèm Tit Chanpyon Wimbledon Pou Serena Williams
L'OEA ap Fè Demach pou Manuel Zelaya Retounen sou Pouvwa a nan Ondiras : Sekretè Jeneral Insulza Prale Tegousigalpa Samdi
Reyaksyon Pozitif Nan Pòtoprens Sou Anilasyon 1.2 Milya Dola Nan Dèt Peyi a  Audio Clip Available
OEA Lanse Yon Ultimatòm Kont Nouvo Responsab Yo Nan Honduras Pou Retabli prezidan Zelaya  Audio Clip Available
Pati Politik Ayisyen yo Reyaji ak Mefyans Apre Piblikasyon Rezilta Eleksyon pou Sena a  Audio Clip Available
Prezidan Honduras la Pèdi Pouvwa a Nan Yon Kou Deta Militè  Audio Clip Available