Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Lig Football Balonwon Ameriken pral gen 18 Klub


25-07-2008

Football/ MLS

Lig football balonwon ameriken an ajoute 2 lòt ekip nan lig pwofesyonèl premyè divizyon ameriken an pou fè total la rive a 18 klub an 2011.
Anons la fèt apre rankont komite ekzekutif MLS la te fè. 2 nouvo klub yo vinn ajoute sou 2 lòt kap kòmanse an 2009 nan Seattle epi an 2010 nan Philadelphi pou mete lig football pwofesyonèl ameriken an ak yon total 18 konpare ak 14 ki ekziste kounye a.
Prezidan Lig football la Don Garber anonse posibilite pou ajoute lòt klub nan Atlanta, Las Vegas, Montreal Kanada-yon 2 zièm klub nan vil New York, Ottawa, Portland, Oregon ak Vancouver epi British of Colonbia. Lig football ameriken an gen 13 zan depi li ekziste.

Meksiken Cuautemoc Blanco make yon gòl e fè yon pas pou make yon lòt gòl pou pèmèt seleksyon tout vedèt lig football ameriken an ranpòte yon viktwa 3 a 2 fas ak klub Angle West Hamm United yè swa nan Toronto Kanada. David Beckham, ki te tout rankont la, fè yon pas ki make gòl tou.

West Hamm te deja kale Colombus Crew 3  a 1 Dimanch dènye nan kad yon match amikal nan Ohio kote fanatik 2 ekip yo te boukante kout pwen.

Caleb Campbell ke Detroit Lions te seleksyone pap kapab jwe pou klub pou 2 zan edmi pou pipiti akoz angajman li genyen ak fòs ame ameriken an. Campbell ki se 2 zièm lyetnan nan Lame a gen pou l pase 2 zan edmi nan sèvis aktif.

Cyclisme

Siklis franse Sylvain Chavanel ranpòte 19 vièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la pandan ke espayòl Carlos Sastre toujou nan tèt klasman jeneral ak 1 minit 24 sekond nan moman manke 2 etap pou konpetisyon an fini Dimanch nan vil Pari.
20 tièm etap la, ki fikse pou demen Samdi a, ap kouvri 53 kilomèt nan yon kous endividuèl kap soti nan Cyril pou rive nan Saint Amand-Montrond.

Tennis

Sèb Jelena Jankovic ap rankontre Rus Nadia Petrova ak franse Dinara Safina kont Belarus Viktoria Azarenka nan kar de final tounwa tenis East West Bank Klasik la kap dewoule nan Carson an Kalifòni. Italyen Flavia Pennetta ap rankontre Otrichyen Sybille Bammer. Bethanie Mattek kont chinwa Meng Yuan.
Venkè tounwa a ap ranpòte 95 mil 500 dola.

Numewo 2 tenis mondyal la espayòl Rafael Nadal ap rankontre franse Richard Gasquet epi Sèb Novak Djokovic ap jwe kont Britanik Andy Murray nan kar de final koup Rogers la kap dewoule nan Toronto O Kanada.
Lòt match yo ap mete bab pou bab franse Gilles Simon, ki elimine swis Roger Federer kont Kwat Marin Cilic epi ameriken James Blake kont Alman Nicolas Kiefer

Alman Julia Goerges suprann Slovèn Katarina Srebotnik ak yon viktwa 6-4, 6-2 pou l kalifye nan kar de final tounwa tenis Sloveni a. Georges pral rankontre Kwat Petra Martic. Rus Elena Bovina suprann franse Camille Pin ak 3 kout rankèt 6-3, 5-7, 7-6 pou l kalifye nan elit 8  la.
 
Chine/ Olympic

Plizyè dizè n milye fanatik ranmase rès tikè ki te disponib pou je zolenpik Peken yo apre yo pase tout nwit la ap tann. Otorite chinwa yo dejan vann 7 milyon tikè pou konpetisyon an kap kòmanse ofisyèlman 8 Out. Pri yo varye ant 4 a 600 dola ameriken.

Pou la premyè fwa la Chin ap gen yon gwo delegasyon atlèt kap patisipe nan je zolenpik yo yap òganize ak yon total 639 atlèt nan 28 disiplin.
165 atlèt te patisipe nan je zolenpik Atè n yo an 2004 pandan ke 40 lòt te prezan nan je zolenpik Sidne 2000 yo. Delegasyon an ap gen 460 antrenè pou mete total la rive a mil 100. Chinwa yo pral chache depase 32 meday dò yo te ranpòte  nan je zolenpik Atè n yo swa 4 meday an mwens ke Etazuni.

La polis nan Shangai anonse demantèlman yon konplo ki te vize je zolenpik yo.. Pa gen lòt enfòmasyon ki disponib sou desant de lye Shangai la kote 12 match football gen pou dewoule.

Basketball

Lig basketball feminen ameriken an suspann ekip Detroit Shock ak Los Anjeles pou patisipasyon yo nan yon deblozaj pandan yon rankont Madi pase a. Suspansyon yo varye ant 4 match ak 1 match e li afkete 11 jwè ak antrenè. Dezòd la pete nan menm enstalasyon spòtif kote yon deblozaj te pete ant Detroit Pistons ak Indiana Pacers an 2004 ant fanatik ak jwè.

2 kondisip ansyen abit NBA Tim Donaghy kondane pou pase 15 mwa nan prizon pou patisipasyon nan paryaj nan yon seri de match abit Donathy tap dirije. 3 mesye yo gen pou ranbouse NBA  a plis pase 200 mil dola.
Lig la te reklame plis pase 1 milyon dola pou frè legal ak yon pati nan salè abit Donaghy ki nan sant eskandal la. Abit Donaghy, kite konn parye sou match lap dirije, kapab pase 33 mwa prizon, lè tribunal la ap pwononse l sou dosye a Madi.

Volebòl

Etazuni kale la Polòy 3 set a 2 nan chanpyona du mond Volebòl kap dewoule O Brezil. Etazuni bezwen yon lòt viktwa si l vle kalifye pou semi final la akondisyon Sèbi kale la Polòy nan dènye match group F la.

Brezil ak la Rusi ap domine group E a apre viktwa yo ranpòte.







emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Pwogram Lib Tribin Lavwadlamerik Sou Maladi Sida  Audio Clip Available

  Lòt Nouvèl
Ayiti/Eleksyon: Konsèy Elektoral la Rejte Enskripsyon 16 Pati -Pami yo Fanmi Lavalas
Pati Politik Ayisyen  Yo Ap Fè Regwoupman Pou Ale Nan Eleksyon  Audio Clip Available
Dine Deta nan La Mezon Blanch nan Lonè Premye Minis Endyen an, Manmohan Singh
Somè Amerikano-Endyen nan Lamezon Blanch: Chanjman Klimatik yo Byen Wo sou Pwogram Rankont sa a
CONCACAF Soutni Kandidati Etazini Pou Mondyal 2018 Oubyen 2022  a
Prezidan Ameriken an Lanse Yon Nouvo Pwogram Sou Edikasyon  Audio Clip Available
Deba Ap Kontinye pami Manm Kongrè Ameriken an sou Estrateji Militè Lèzetazini nan Afganistan
Ayiti-Eleksyon: Delè Pou Enskripsyon Pati yo Prèske Bout  Audio Clip Available
Inogirasyon Boulva Ameriken Yo Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Pwolongasyon Delè Enskripsyon Pati Politik Ki Pral' Nan Pwochen Eleksyon Yo  Audio Clip Available
Yon Seminè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik Sou Lasante Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale...Koulè, Chanje koulè, Fè Pran Koulè, Tikoulè  Audio Clip Available
Nan Afganistan, Hamid Karzai Prete Sèman kòm Lidè Peyi a pou yon Lòt Manda 5 An
Washington Avèti Fòk Koripsyon Kaba Nan Afghanistan  Audio Clip Available
Inyon Ewòp la ak Etazini Pa Apiye Lide Deklarasyon Yon Eta Palestinyen San Konsantman Izrayèl  Audio Clip Available
Yon Somè Mondyal Nasyonzini Sou Alimantasyon  Nan Vil Rome
Ayiti Eleksyon: Enskripsyon Pati Politik yo Kòmanse  Audio Clip Available
Lidè Mondyal Yo Lanse Apèl Anfavè Plis Kooperasyon Nan Somè APEC la  Audio Clip Available
Pwochen Reinyon Bayèd'Fon Entènasyonal yo Sou Ayiti Nan Washington, DC  Audio Clip Available
Nouvo Gouvènman Jean-Max Bellerive la Jwenn supò Prensipal Peyi Zanmi Ayiti yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Dyabèt  Audio Clip Available
Jean-Max Bellerive Ofisyèlman Premye Minis Ayisyen  Audio Clip Available
Depite yo Dakò pou Ratifye Politik Jeneral Nouvo Premye Minis Ayisyen an  Audio Clip Available
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye a, Jean Max Bellerive.
Premye Minis Ratifye Jn-Max Bellerive Prezante Politik Jeneral li Devan Sena Ayisyen an  Audio Clip Available
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a