Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Ayiti:Grav Inondasyon Nan Vil Sen Mak


28-07-2008
Majistra kominal Vil Sen Mak Bonard Charles pou detay sou inondasyon an - Telechaje (Real) audio clip
Majistra kominal Vil Sen Mak Bonard Charles pou detay sou inondasyon an - Koute (Real) audio clip

Gwo lapli kap tonbe sou Depatman Latibonit la pwovoke inondasyon ki pran lavi 3 moun pou pi piti, kraze pon e detwi plizyè kay nan seksyon riral ou kominal vil Sen Mak yo.

Lapli ki vide pandan fen semèn pase lakòz rivye desann ak destruksyon kay ak jaden kiltivatè, san konte pon ki tonbe ak tèt bèt ki dlo bwote.

Fonde pouvwa nan Depatman an lanse apèl pou mande Biwo Pwoteksyon Sivil nan Pòtoprens voye asistans prese-prese nan zòn sinistre yo, kote anpil moun swa pèdi kay yo ou kay sibi gwo dega nan move tan an. Vil Sen Mak sou yon distans 70 kilomèt ak kapital la, Pòtoprens.

Pou plis presizyon Lavwad'lamerik te pale ak majistra kominal Sen Mak la, Bonard Charles. Klike sou ralonj ki sou atik sa a. 

Pou lòt nouvèl yo ale sou Pwogram Apre midi a agòch sou sit web Sèvis Kreyòl VOA a.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Obama: Demokrasi, Opòtinite, Sante ak Fen Konfli yo Se Kle Avni Kontinan Afriken an

  Lòt Nouvèl
Ouvèti Konferans Kooperasyon Desantralize a nan Montrouis  Audio Clip Available
Nan Somè G-8 la, Ann Itali, Lidè yo Pwomèt yon sòm 15 Milya Dola pou Konbat Grangou nan Lemond
Somè G-8 la Tanmen Nan Peyi Itali  Audio Clip Available
Prezidan René Préval ak Ansyen Prezidan Bill Clinton Vizite Gonayiv ak Site Solèy
Prezidan Obama --k ap vizite Larisi depi Lendi --Mande pou gen Pi Bon Rapò ant Washington ak Moskou
Bill Clinton Tanmen Premye Vizit li Ann Ayiti Kòm Anvwaye Espesyal L'ONU  Audio Clip Available
Vyolans Nan Honduras Pandan Pèp la Ap Tann Retou Prezidan Zelaya
Yon Dezyèm Kouwòn Nan Wimbledon Pou Serena Williams Apre Final Tennis Doub Medam yo
Tennis: Yon Twazyèm Tit Chanpyon Wimbledon Pou Serena Williams
L'OEA ap Fè Demach pou Manuel Zelaya Retounen sou Pouvwa a nan Ondiras : Sekretè Jeneral Insulza Prale Tegousigalpa Samdi
Reyaksyon Pozitif Nan Pòtoprens Sou Anilasyon 1.2 Milya Dola Nan Dèt Peyi a  Audio Clip Available
OEA Lanse Yon Ultimatòm Kont Nouvo Responsab Yo Nan Honduras Pou Retabli prezidan Zelaya  Audio Clip Available
Pati Politik Ayisyen yo Reyaji ak Mefyans Apre Piblikasyon Rezilta Eleksyon pou Sena a  Audio Clip Available
Prezidan Honduras la Pèdi Pouvwa a Nan Yon Kou Deta Militè  Audio Clip Available