Lavwadlamerik ▪ Creole

Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

Tèks
Search


 

Yon Ameriken ki pran nesans an Ayiti Elimine nan Je Peken yo


14-08-2008

Tennis/ Legg Mason

Arjanten Juan Martin del Potro kalifye pou kar de final tounwa tenis Legg Mason nan kap dewoule isit Washington apre li kale Izrayelyen Dudi Sela 6-0. 7-5, 6-2. Alman Tommy Haas kalifye tou apre li wouze ak kout rakèt franse Nicholas Mahut 7-6, 6-1. Haas pral rankontre Kolonbyen Alejandro Falla nan kar de final la. Falla elimine franse Florent Serra 7-6, 7-6.
 

Je Zolenpik/ Judo


Ameriken dorijin ayisyèn Adler Volmar, kategori pwa lour mwayen pèdu an premye tou konpetisyon judo fas a Amel Mekic, ki soti nan Bosni Herzegovinn. Volmar, ki gen 31 ane, te pote drapo Ayiti nan je zolenpik Atlanta yo an 1996.

Tennis

Ameriken James Blake mete fen nan tantativ Swis Roger Federer tap fè dèyè yon meday Olenpik ak 2 kout rakèt 6-4, 7-6. Rus Elena Dementieva remonte yon defisi pou l kale ameriken Serena Williams 3-6, 6-4, 6-3.

Seleksyon basketbal olenpik ameriken an pase premye tès serye depi je yo kòmanse apre yo kale la Grès 92 a 69 pou kalifye nan pwochen tou a.


Je Zolenpik

Peyi Azyatik yo pase yon bon jounen jodi a nan natasyon ak nan jimnazyòm je zolenpik vil Peken yo. Najè Japonè Kosuke Kitajima tounen premye najè ki ranpòte konpetisyon naj bras la nan yon menm je zolenpik. Kitajima ranpòte konpetisyon an nan kous 200 mèt la bonè maten an apre li te deja ranpòte konpetisyon bras la nan kous 100 mèt la.
La Chin ranpòte premye meday dò l nan nan natasyon kous 200 mèt papiyon kote yo pran meday dò ak lajan.Chinwa Liu Zige bat yon nouvo rekò du mond.
Chinwa Yang Wei ranpòte meday dò nan jimnastik kategori maskulen. Franse Alain Bernard ranpòte meday dò nan kous 100 mèt naj lib la.

Nan tablo meday yo la Chin pran tèt ploton an devan Etazuni ak yon total 35 meday pami yo 22 an ò. Etazuni klase 2 zièm ak 34 meday pami 10 an ò. Ansuit nou jwen Kore du Sud ak Ostrali ki gen 16 meday yo chak. Kuba klase 13 zièm pou Karayib la ak yon total 6 meday 1 an ò, 3 an arjan ak 2 an bronz.

Je Zolenpik / Près


Komite Olenpik entènasyonal la dezaprouve desizyon otorite chinwa yo pran pou arete yon jounalis Britanik ki ta bay nouvèl sou manifestasyon an favè Tibet ki dewoule pandan je zolenpik Peken yo. Otorite yo te libere jounalis britanik la apre li te prezante kart de près li.
Nan menm manifestasyon an la polis arete 7 sitwayen ameriken ak yon sitwayen Japonè., manb group ki rele Pro Tibet.

emailme.gif Voye kourye sa a bay yon zanmi
printerfriendly.gif Vèsyon ou ka enprime

  Atik Prensipal
Somè Amerikano-Endyen nan Lamezon Blanch: Chanjman Klimatik yo Byen Wo sou Pwogram Rankont sa a

  Lòt Nouvèl
CONCACAF Soutni Kandidati Etazini Pou Mondyal 2018 Oubyen 2022  a
Prezidan Ameriken an Lanse Yon Nouvo Pwogram Sou Edikasyon  Audio Clip Available
Deba Ap Kontinye pami Manm Kongrè Ameriken an sou Estrateji Militè Lèzetazini nan Afganistan
Ayiti-Eleksyon: Delè Pou Enskripsyon Pati yo Prèske Bout  Audio Clip Available
Inogirasyon Boulva Ameriken Yo Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Pwolongasyon Delè Enskripsyon Pati Politik Ki Pral' Nan Pwochen Eleksyon Yo  Audio Clip Available
Yon Seminè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik Sou Lasante Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale...Koulè, Chanje koulè, Fè Pran Koulè, Tikoulè  Audio Clip Available
Nan Afganistan, Hamid Karzai Prete Sèman kòm Lidè Peyi a pou yon Lòt Manda 5 An
Washington Avèti Fòk Koripsyon Kaba Nan Afghanistan  Audio Clip Available
Inyon Ewòp la ak Etazini Pa Apiye Lide Deklarasyon Yon Eta Palestinyen San Konsantman Izrayèl  Audio Clip Available
Yon Somè Mondyal Nasyonzini Sou Alimantasyon  Nan Vil Rome
Ayiti Eleksyon: Enskripsyon Pati Politik yo Kòmanse  Audio Clip Available
Lidè Mondyal Yo Lanse Apèl Anfavè Plis Kooperasyon Nan Somè APEC la  Audio Clip Available
Pwochen Reinyon Bayèd'Fon Entènasyonal yo Sou Ayiti Nan Washington, DC  Audio Clip Available
Nouvo Gouvènman Jean-Max Bellerive la Jwenn supò Prensipal Peyi Zanmi Ayiti yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Dyabèt  Audio Clip Available
Jean-Max Bellerive Ofisyèlman Premye Minis Ayisyen  Audio Clip Available
Depite yo Dakò pou Ratifye Politik Jeneral Nouvo Premye Minis Ayisyen an  Audio Clip Available
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye a, Jean Max Bellerive.
Premye Minis Ratifye Jn-Max Bellerive Prezante Politik Jeneral li Devan Sena Ayisyen an  Audio Clip Available
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a