|
|
| Eliminatwa Koup du Mond |
By Jean Robert Philippe
Washington DC
02-09-2008
|
|
Foutbòl
DC United ap akeyi demen swa isit Washington Charleston Batteri nan final koup US Open nan.DC United pral chache yon 12 zièm koup nan istwa klub la. Venkè rankont la ap kalifye otomatikman pou eliminatwa Lig Chanpyon KONKAKAF la pou sezon 2009-2010 la.
Nan lig chanpyon KONKAKAF la aswè a New England Revolution ap rankontre klub Trinidadyen Joe Publik nan kad match retou a. Joe Publik te kale New England Revolution 2 a 1 nan match ale a. Chivas USA kont Tauro Football Club. Klub Tauro de Panama te ranpòte match ale a 2 a 0. epi Real Steli kont Impact de Montreal. Impak de Montreal te ranpòte match ale a 1 a 0.
Konsènan match kalifikatif koup du mond Afri k du Sud 2010 la seleksyon ameriken an ap mete tèt pou Kuba Jedi kap vini la kote yo pral rankontre seleksyon lokal la. Dènye fwa yon seleksyon ameriken seniò te jwe nan Kuba se te an 1947--yon rankont ameriken yo te pèdu 5 a 2. Seleksyon Juniò a te patisipe nan je Panameriken yo ki te dewoule nan la Havan an 1991.
Match kalifikatif koup du mond Jamayik te gen pou jwe kont Meksik nan Kingston Samdi ap jwe nan stad Azteka o Meksik akoz dega pasaj ouragan koze nan Karayib la. Match retou a ki fikse pou 11 Oktòb ap jwe nan Kingston, Jamayik.
Federasyon football Ekwatè a mande FIFA louvri yon ankèt sou mank-e-melanj ki sanble ta genyen pandan pandan match koup du mond peyi a te jwe kont Angletè an 2006-yon match Ekwatè te pèdu 1 a 0. Ankèt yon jounalis Kanadyen fè revele rezulta match la te truke o profi Angletè.
Los Anjeles Galaksi pral jwe yon match amikal nan Nouvèl Zeland kote yo pral jwe yon match chofe jarèt tout vedèt yon klub lokal an Desanm ane sa a.
Atletisme
Kourè Jamayiken Usain Bolt, ki sot ranpòte 3 meday dò Olenpik, ap patisipe nan kous atletis Super Grand Prix kap dewoule jodi a an Swis. Osafa Powell yon lòt kourè Jamayiken figure pami 7 lòt atlèt kap patisipe nan kous 100 mèt la. Kuben Dayron Robles ki se detantè rekò du mond 110 mèt Hè a ap patisipe nan konpetisyon an tou.
Tennis
Jwè tenis ameriken Venus ak Serena Williams ap rankontre youn lòt nan kar de final tounwa tenis US Open nan demen Mèkredi. Dènye fwa 2 sè yo te rankontre se te pandan final tounwa tenis Wimbledon nan nan vil Lond an Juyè. Numewo 1 tenis mondyal maskulen an espayòl Rafael Nadal pase yon move moman avan li kale ameriken Sam Querrey 6-2, 5-7,7-6,6-3 pou l rankontre ameriken Mardy Fish nan kar de final tounwa a. Fish elimine franse Gael Monfils 7-5, 6-2, 6-2. Adolesan Japonè Kei Nishikori ak Luksanbourjwa Gilles Muller kalifye pou kar de final la. Pami meda m yo Rus Dinara Safina wouze alman Anna-Lena Groenfeld 7-5, 6-0 pou l pase nan kar de final la. Italyen Flavia Pennetta kale franse Amelie Mauresmo 6-3, 6-0. Pita nan jounen an Swis Roger Federer , Sèb Novak Djokovic, rus Nikolay Davydenko ak Andy Roddick ap sou teren an.
Natasyon
Najè swedwa Anna-Karin Kammerling ki ranpòte 10 tit Eropeyen pran retrèt li nan sikwi entènasyonal la. Siklisme
Siklis Bèlj Tom Boonen ranpòte 3 zièm etap kous bisiklèt Tour dEspay la men Italyen Daniele Bennati toujou nan tèt klasman jeneral la.
Volebòl
Meday dò je zolenpik Peken 2008 yo ameriken Misty May-Treanor ak Kerri Walsh pèdu pou la premyè fwa depi plis pase yon lane nan yon match volebòl de plaj devan ekip Elaine Youngs ak Nicole Branagh.
|
|
|
 |
CONCACAF Soutni Kandidati Etazini Pou Mondyal 2018 Oubyen 2022 a
|
 |
Prezidan Ameriken an Lanse Yon Nouvo Pwogram Sou Edikasyon
|
 |
Deba Ap Kontinye pami Manm Kongrè Ameriken an sou Estrateji Militè Lèzetazini nan Afganistan
|
 |
Ayiti-Eleksyon: Delè Pou Enskripsyon Pati yo Prèske Bout
|
 |
Inogirasyon Boulva Ameriken Yo Nan Pòtoprens
|
 |
Pwolongasyon Delè Enskripsyon Pati Politik Ki Pral' Nan Pwochen Eleksyon Yo
|
 |
Yon Seminè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik Sou Lasante Nan Pòtoprens
|
 |
Kreyòl-Pale...Koulè, Chanje koulè, Fè Pran Koulè, Tikoulè
|
 |
Nan Afganistan, Hamid Karzai Prete Sèman kòm Lidè Peyi a pou yon Lòt Manda 5 An
|
 |
Washington Avèti Fòk Koripsyon Kaba Nan Afghanistan
|
 |
Inyon Ewòp la ak Etazini Pa Apiye Lide Deklarasyon Yon Eta Palestinyen San Konsantman Izrayèl
|
 |
Yon Somè Mondyal Nasyonzini Sou Alimantasyon Nan Vil Rome
|
 |
Ayiti Eleksyon: Enskripsyon Pati Politik yo Kòmanse
|
 |
Lidè Mondyal Yo Lanse Apèl Anfavè Plis Kooperasyon Nan Somè APEC la
|
 |
Pwochen Reinyon Bayèd'Fon Entènasyonal yo Sou Ayiti Nan Washington, DC
|
 |
Nouvo Gouvènman Jean-Max Bellerive la Jwenn supò Prensipal Peyi Zanmi Ayiti yo
|
 |
Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Dyabèt
|
 |
Jean-Max Bellerive Ofisyèlman Premye Minis Ayisyen
|
 |
Depite yo Dakò pou Ratifye Politik Jeneral Nouvo Premye Minis Ayisyen an
|
 |
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye a, Jean Max Bellerive.
|
 |
Premye Minis Ratifye Jn-Max Bellerive Prezante Politik Jeneral li Devan Sena Ayisyen an
|
 |
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis
|
 |
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
|
 |
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis
|
 |
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
|
 |
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a
|
 |
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa
|
 |
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti
|
 |
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
|
 |
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis
|
 |
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
|
 |
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid
|
 |
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya Sou Pouvwa a.
|
 |
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
|
 |
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo
|
 |
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent
|
 |
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak
|
 |
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè
|
 |
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a
|
 |
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
|
|
|