|
|
| Tribunal Abitraj la ap Tande Apèl Komite Olenpik Surinam nan |
By Jean Robert Philippe
Washington DC
05-09-2008
|
|
Atletisme/ Tribunal Tribunal arbitraj spòtif nan vil Lauzan an Swis dakò pou l tande tande apèl komite olenpik Antiy Neerlandèz la fè nan non kourè Churandy Martina ki te diskalifye pandan je zolenpik Peken yo. Martina te fini 2 zièm dèyè evantuèl venkè kous 100 mèt la Jamayiken Usain Bolt. Komite òganizatè a te diskalifye Surinamyen nan sa ki sanble li te abandone liy li tap kouri a. Komite Olenpik Surinamyen an di Etazuni te soumèt yon plent 30 minit apre delè ki fikse an favè Wallace Spearmon ki te diskalifye pou menm rezon an. Rezulta final la Ameriken Shawn Crawford te fini an 2 zièm epi Walter Dix fini 3 zièm. Tribunal la pa fikse yon dat.
Chanpyon du mond atletis ameriken Tyson Gay pap patisipe nan kous 100 mèt atletis Van Damme Memoryal la kap dewoule nan vil Brusèl an Beljik akoz yon dechirur. Gay pap kalifye nan final kous 100 mèt la nan vil Peken-yon konpetisyon Jamayiken Usain Bolt ranpòte. Jamayiken Usain Bolt ak Asafa Powell ap patisipe nan kous la jodi a.
Foutbòl / Ameriken
Chanpyon sòtan football zèpòl kare a New York Giant byen demare sezon an gras ak yon swif li pase Washington Redskins 16 a 7. Chak 32 ekip yo ap jwe 16 match ak posibilite pou 12 kalifye nan faz final la. 43 zièm edisyon Superbowl la ap dewoule nan Tampa 1 Fevriye 2009.
Tennis / Etazuni
Numewo 2 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer kalifye pou semi final tounwa tenis US Open nan malgre difikilte pou l kale Luksanbourjwa Gilles Muller ki klase 128 tièm mondyal 7-6, 6-4, 7-6. Federer gen pou rankontre nan semi final la Sèb Novak Djokovic ki elimine ameriken Andy Roddick 6-2, 6-3, 3-6, 7-6. Bo` kote meda m yo ameriken Serena Williams ap rankontre Swis Dinara Safina nan semi final la pandan ke Sèb Jelena Jankovic pral mate balon fas a rus Elena Dementieva nan lòt semi final la.
Foutbòl / KONKAKAF
Seleksyon football ameriken an ap fè yon vwayaj istorik nan la Havann Kuba kote yo pral rankontre seleksyon Kuben an nan kad match kalifikatif koup du mond. Dènye fwa 2 ekip yo te rankontre nan La Havann se te an 1947-yon match kuben yo te ranpòte 5 a 2. Ameriken yo gen yon palmarès 5 viktwa-1 nul ak 1 defèt. Selon dosye FIFA ameriken yo gen yon palmarès 49 viktwa--30 nul ak 28 defèt-palmarès la amelyore depi 1990 ak 35 viktwa 9 defèt e 16 nul.
Nan lòt rankont nan zòn KONKAKAF la Ayiti ap trouve l nan Salvador kote li pral rankontre seleksyon lokal la. Gen posibilite pou antrenè Wagneau Eloi jwe pou seleksyon an. Trinidad and Tobago kont Gwatemala, Jamayik pral lakay Meksik. Kanada kont Honduras epi Kosta Rika kont Surina m. Ekip sa yo ap retounen sou teren an le 10 Septanb.
Nan lig chanpyon KONKAKAF la klub Meksiken UNAM wouze klub jamayiken Habour View 3 a 0 pandan ke klub Panameyen San Francisco pilon-nen Deportivo Jalapa 5 a 0.
Federasyon Football Entènasyonal la, FIFA suspann pou 12 mwa defansè seleksyon nasyonal Sèbi a Slobodan Rajkovic apre li te krache nan figi yon abit pandan je zolenpik Peken yo. Rajkovic kap jwe nan Chelsea depi 2005 kapab ale an apèl ak desizyon an.
|
|
|
 |
Ayiti-Eleksyon: Delè Pou Enskripsyon Pati yo Prèske Bout
|
 |
Inogirasyon Boulva Ameriken Yo Nan Pòtoprens
|
 |
Pwolongasyon Delè Enskripsyon Pati Politik Ki Pral' Nan Pwochen Eleksyon Yo
|
 |
Yon Seminè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik Sou Lasante Nan Pòtoprens
|
 |
Kreyòl-Pale...Koulè, Chanje koulè, Fè Pran Koulè, Tikoulè
|
 |
Nan Afganistan, Hamid Karzai Prete Sèman kòm Lidè Peyi a pou yon Lòt Manda 5 An
|
 |
Washington Avèti Fòk Koripsyon Kaba Nan Afghanistan
|
 |
Inyon Ewòp la ak Etazini Pa Apiye Lide Deklarasyon Yon Eta Palestinyen San Konsantman Izrayèl
|
 |
Yon Somè Mondyal Nasyonzini Sou Alimantasyon Nan Vil Rome
|
 |
Ayiti Eleksyon: Enskripsyon Pati Politik yo Kòmanse
|
 |
Lidè Mondyal Yo Lanse Apèl Anfavè Plis Kooperasyon Nan Somè APEC la
|
 |
Pwochen Reinyon Bayèd'Fon Entènasyonal yo Sou Ayiti Nan Washington, DC
|
 |
Nouvo Gouvènman Jean-Max Bellerive la Jwenn supò Prensipal Peyi Zanmi Ayiti yo
|
 |
Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Dyabèt
|
 |
Jean-Max Bellerive Ofisyèlman Premye Minis Ayisyen
|
 |
Depite yo Dakò pou Ratifye Politik Jeneral Nouvo Premye Minis Ayisyen an
|
 |
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye a, Jean Max Bellerive.
|
 |
Premye Minis Ratifye Jn-Max Bellerive Prezante Politik Jeneral li Devan Sena Ayisyen an
|
 |
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis
|
 |
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
|
 |
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis
|
 |
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
|
 |
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a
|
 |
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa
|
 |
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti
|
 |
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
|
 |
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis
|
 |
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
|
 |
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid
|
 |
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya Sou Pouvwa a.
|
 |
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
|
 |
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo
|
 |
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent
|
 |
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak
|
 |
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè
|
 |
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a
|
 |
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a
|
|
|