Vèsyon Regilye

VOANews.com
News in 44 languages



 

Maria Sharapova Repoze Rakèt li


02-10-2008

Tennis/ Sharapova

Ansyen numewo 1 tenis  mondyal feminen Rus Maria Sharapova anonse li pap patisipe nan dènye tounwa tenis pwofesyonèl kap dewoule an Novanm nan Doha Katar akoz blesu lap soufri nan zèpòl. Tounwa Doha a ap dewoule soti 4 pou fini 9 Novanm

Rus Dinara Safina kalifye pou kar de final tounwa tenis Grand Prix kap dewoule nan Stuttgart an Almay gras ak 2 kout rakèt li pase Bèlj Tsevtana Pironkova 6-1, 7-6.


Siklis / Dròg

Komite Olenpik Italyen an suspann pou 2 zan siklis Italyen Riccardo Ricco apre li te teste pozitif nan 2 zièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la ane sa a. Entèdiksyon an ap pran fen 30 Juyè 2010. Komite Olenpik Italyen an te redui suspansyon an a 18 mwa apre siklis te rekonèt li koupab men yo ajoute 6 mwa akoz se yon doktè renonmen pou dopaj atlèt ki te preskri dròg la.

Dapre règleman yo Ricco pap elijib pou l patisipe nan kous bisiklèt Tour de Frans la ak Tour dItali a. Avoka kap defann siklis di yo prale  an apèl ak desizyon an

Foutbòl / Eròp

Arjanten Lionel Messi make 2 gòl nan fen match la ak pandan arè de je yo pèmèt FC Barselòn ranpòte yon viktwa 2 a 1 devan devan klub Ukrenyen Shakhtar Donestsk nan group C a  kote Sporting de Lisbòn wouze FC Bal 2 a 0. Liverpool ak Atletiko de Madrid domine group D a apre viktwa yo ranpòte. Liverpool pilonnen PSV Eindhoven 3 a 1 pandan ke Atletico de Madrid te fè anpil efò avan li kale Olenpik de Marseille 2 a 1. Nan group A CFR Cluj rache yon match nul nan men Chelsea pou mete a 4 pwen. AS Wòm ranmase yon 3 pwen enpòtan apre viktwa 3 a 1 li ranpòte devan Bordo. Inter de Milan fè match nul 1 a 1 fas a Werder de Brem.

Foutbòl / KONKAKAF

Bò lakay DC United tonbe 1 a 0 devan Cruz Azul donk matematikman elimine nan lig chanpyon KONKAKAF la. CSD Munisipal fè match nul 2 a 2 ak Porto Riko Islanders, Luis Angel Firpo soufri avan li kale San Francisco 1 a 0 epi Enpak de Montreal suprann CD Olempia ak yon viktwa 2 a 1.

Foutbòl an Sal

O Brezil kote chanpyona du mond football an sal la ap dewoule. Gwatemala ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Ejip. Arjantin danse sou la Chin 5 a 0. Chanpyon sòtan an Espay te fè anpil efò pou l rache yon match nul fas a Iran 3 a 3. Libi fè match nul 3 a 3 ak Urugwe.

Foutbòl/ FIFA/ Polòy

FIFA bay responsab spò yo an Polòy juska Lendi pou rechouke federasyon football la yon tribunal te revoke pou efò yo pat fè pou konbat korupsyon nan lig lokal yo. FIFA di si disi Lendi manb federasyon an pa retounen nan pòs yo eh byen la Polòy pap kapab diskute match kalifikatif koup du mond li gen pou jwe kont Republik Tchèk le 11 Oktòb epi Slovaki le 15 Oktòb. La Polòy nan tèt group 3 ak 4 pwen.

Baskètbòl Feminen


Detroit Shock shoke San Antonio Silver Stars ak yon viktwa 77 a 69 nan premye rankont seri 5 match final chanpyona basketball feminen. 2 ekip yo ap rankontre Vandredi pou 2 zièm rankont yo.


Atik Prensipal
Prezidan Ameriken an Lanse Yon Nouvo Pwogram Sou Edikasyon  Audio Clip Available

Lòt Nouvèl
Deba Ap Kontinye pami Manm Kongrè Ameriken an sou Estrateji Militè Lèzetazini nan Afganistan
Ayiti-Eleksyon: Delè Pou Enskripsyon Pati yo Prèske Bout  Audio Clip Available
Inogirasyon Boulva Ameriken Yo Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Pwolongasyon Delè Enskripsyon Pati Politik Ki Pral' Nan Pwochen Eleksyon Yo  Audio Clip Available
Yon Seminè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik Sou Lasante Nan Pòtoprens  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale...Koulè, Chanje koulè, Fè Pran Koulè, Tikoulè  Audio Clip Available
Nan Afganistan, Hamid Karzai Prete Sèman kòm Lidè Peyi a pou yon Lòt Manda 5 An
Washington Avèti Fòk Koripsyon Kaba Nan Afghanistan  Audio Clip Available
Inyon Ewòp la ak Etazini Pa Apiye Lide Deklarasyon Yon Eta Palestinyen San Konsantman Izrayèl  Audio Clip Available
Yon Somè Mondyal Nasyonzini Sou Alimantasyon  Nan Vil Rome
Ayiti Eleksyon: Enskripsyon Pati Politik yo Kòmanse  Audio Clip Available
Lidè Mondyal Yo Lanse Apèl Anfavè Plis Kooperasyon Nan Somè APEC la  Audio Clip Available
Pwochen Reinyon Bayèd'Fon Entènasyonal yo Sou Ayiti Nan Washington, DC  Audio Clip Available
Nouvo Gouvènman Jean-Max Bellerive la Jwenn supò Prensipal Peyi Zanmi Ayiti yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Dyabèt  Audio Clip Available
Jean-Max Bellerive Ofisyèlman Premye Minis Ayisyen  Audio Clip Available
Depite yo Dakò pou Ratifye Politik Jeneral Nouvo Premye Minis Ayisyen an  Audio Clip Available
Sena Ayisyen an Apwouve Deklarasyon Politik Jeneral Premye Minis Ratifye a, Jean Max Bellerive.
Premye Minis Ratifye Jn-Max Bellerive Prezante Politik Jeneral li Devan Sena Ayisyen an  Audio Clip Available
2 Chanm Palman Ayisyen an Ratifye Nominasyon Jean-Max Bellerive Kòm Nouvo Premye Minis
Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis  Audio Clip Available
Dany Laferrière : Pri Médicis 2009
Pwosesis Ratifikasyon Premye Minis Deziye Ayisyen an Kòmanse nan Sena a  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa  Audio Clip Available
OEA Ak Meksik Pral Oganize Yon Rankont Entènasyonal 2 Jou Sou Ayiti  Audio Clip Available
Abdullah Abdullah Kite Kous Alaprezidans la Nan Afghanistan
Ayiti Politik:Prezidan Preval Kòmanse Konsiltasyon Pou Yon Nouvo Premye Minis  Audio Clip Available
Afghanistan: Kandida Alaprezidans Abdullah Abdullah Menase Bòykote Eleksyon 7 Novanm nan
Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid  Audio Clip Available
Prezidan Gouvènman Enterimè Honduras la Aksepte Retou Prezidan Depoze Manuel Zelaya  Sou Pouvwa a. 
Sena Ayisyen an Vote Pou Ranvwaye Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis
Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo  Audio Clip Available
Pwogram Lib Tribin VOA Sou Fanm Ansent  Audio Clip Available
Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak  Audio Clip Available
Ayisyen nan Florid Kontinye Reklame Stati Pwoteksyon Tanporè  Audio Clip Available
Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a  Audio Clip Available
Administrasyon Obama a Dispoze Tann 2èm Tou Eleksyon an nan Afganistan Anvan Li Anonse yon Chanjman Estrateji nan Peyi sa a