 |
Senatè Joe Biden (goch) avèk Gouvènè Sarah Palin nan deba 2 oktòb 2008 la
|
Etazini-Politik: Kandida pou pòs vis-prezidan an, Demokrat
Joe Biden ak Repibliken Sarah Palin, patisipe yè-swa (jedi 2 oktòb la) nan sèl
deba ki prevwa ant yo 2 a pou kanpay 2008 la. Pandan plis
pase 90 minit, Madam Palin ak Misye Biden abòde divès kesyon ki gen rapò ak
politik nasyonal e entènasyonal Lèzetazini, pa egzanp :
-Fason gouvènman Bush la jere dosye Lagè
Irak la ;
-Kriz sektè
finansye ameriken an ap tavèse a;
-Pozisyon kandida a
la prezidans yo –Demokrat Barack Obama ak Repibliken John McCain) sou pwoblèm
sa yo…
Pandansetan, pri aksyon yo sou mache labous yo sou kontinan azyatik la e ann
Ewòp bese jodi vandredi a nan moman envestisè yo kontinye gen kè-sote devan
le fèt ke ekonomi amerikèn nan ap travèse yon kriz manch long. Se konsa, endis
Nikkei la (o Japon) sibi yon bès preske 2 pousan; nan Hong Kong bès la rive preske nan
nivo 3 pousan e pri yo bese tou nan Bombey (peyi Lend), nan Sengapour e
nan Sidney (Ostrali). Pi gwo endis yo ann Ewòp --tankou nan vil Lond (Angletè) , Pari (Frans) ak
Frankfort (Almay) -- fè yon ti bese nan premye tranzaksyon ki fèt jodi vandredi a.
 |
Yon sesyon nan Sena ameriken an sou plan sovtaj la mèkredi premye oktòb la.
|
Anfen, nouvèl yo fè konnen sipò ap ogmante nan Kongrè ameriken an
pou yon plan sovtaj 700 milya dola pou sektè finansye a anvan Chanm Depute a
re-vote sou plan sa a jodi vandredi a. Anpil palmantè republiken e demokrat ki
te vote kont plan an lendi pase a, anonse yo dispoze kounyela a pou yo apwouve l. Lidè majorite a nan Chanm dè
Reprezantan an, Steny Hoyer (Demokrat Eta Maryland), panse genyen bon jan chans
pou pwojè-lwa a pase fwa sa a.
Pou w tande yon
repòtaj sou deba ant Madam Palin e Misye Biden nan, klike sou lyen anlè a.